Frankétienne : Nou gen dwa mouri nenpòt kilè

Nou gen dwa mouri nenpòt kilè ; kadav nou al pouri anba tè. Men yon lide byen kore pa fonn fasil. Yon lide byen mare ak nannan lavi pa ka disparèt nan fènwa. Yon lide, ki gen nanm, grennen tensèl toupatou, janbe miray, janbe dlo, janbe dife. (Frankétienne, Dezafi)

Fyète Kreyòl Enfo koube li byen ba pou salye mapou sa a nan monn kiltirèl ayisyen an, Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d’Argent, tout moun konnen sou non Frankétienne ki travèse lòtbò rivaj la, jedi 20 fevriye 2025 la.

Frankétienne ki fèt 12 avril 1936 se yon moniman nan literati ayisyèn nan, patikilyèman nan literati kreyòl la. Se gras ak plim li nou genyen premye woman nan lang kreyòl ayisyen an, Dezafi, ki se youn nan zèv majè literati kreyòl ayisyen an. Se li menm ki ban nou yon seri pyès teyat ki konnen anpil siksè tankou Pèlen tèt, Kaselezo, Bobomasouri.

Frankétienne sitou selèb pou kouran literè espiralis li kreye epi ki karakterize mòd ekriti li, epi ki travèse diferan branch zèv atistik li.

Men tou, Frankétienne se yon manyen tout nan domèn kiltirèl la an jeneral. Li se powèt, womansye, dramatij, pent, chantè, aktè, pami tout chapo li te genyen.

Anprent Frankétienne kite nan literati ayisyèn nan ak nan monn kiltirèl la an jeneral ap make jenerasyon k ap vini apre yo vitametènam.

Description de l'image