Foutbòl ayisyen an an dèy

Fyète Kreyòl Enfo Tag
KF: Vya Shelnews

Federasyon Ayisyèn Foutbòl koube li byen ba pou li salye depa youn nan pi gran sèvitè li yo ki se Necker Bellevue, alyas Papa Neck, ki desede lakay li nan Dèlma jou vandredi 31 me 2024 la.

Necker Bellevue te kòmanse karyè foutbolè li kòm jwè Victory, avan li te transfere nan Racing. Li te peye frè transfè a ak lajan nan pòch li, tèlman li te renmen Racing.

Kòm teknisyen ki te gen yon bagèt majik, li te toujou gen yon ti baton nan men li, li te antrene Victory, Don Bosco, Racing ak Carioca.

Papa Neck se te tou yon kòmantatè espòtif ki te konn kòmante gran evènman foutbòl sou televisyon tankou Télémax, TNH, Télé Métropole.

Annatandan yo kominike dat fineray li, Federasyon Ayisyèn Foutbòl ak Fyète Kreyòl Enfo prezante senpati yo bay tout fanmi li ansanm ak tout fanmi foutbòl la.

Description de l'image