Bagay yo pa twò gou nan bouch ansyen atakan vedèt Reyal Madrid la, Cristiano Ronaldo, nan peyi Arabi Sawoudit. Apre ekip li Al Nasè te fin tèmine 2èm ak 14 pwen dèyè Al Ilal nan Sawoudi Pwo Lig la, li ta pral afwonte menm Al Ilal sa a nan final koupdiwa a vandredi 31 me.
Sa pa byen pase menm pou lejann pòtigè a ki pèdi final la nan penalite 4 – 5 apre 2 ekip yo te fin fè match nil 1 – 1.
Apre match la, Cristiano Ronaldo pete yon sèl kriye lè li wè kijan koup sa a pase bò bouch li men li pa ka manyen li.
Depi li debake an Arabi Sawoudit an 2023, se yon sèl twofe Ronaldo soulve. Sèlman koup arab klèb chanpyon yo li te pran an 2023.
Apre li te fini meyè bitè nan chsnpyona a avèk 35 gòl kote li te kraze rekò kantite gòl yon jwè enskri nan yon menm sezon nan Sawoudi Pwo Lig la, Ronaldo te deklare se pa li k ap mache dèyè rekò yo men se rekò yo k ap mache dèyè li. Ta sanble rekò twofe a p ap fasil pou li ki angaje avèk Al Ilal jiskan 2025.
