Direksyon Vi Etidyan (DVE) nan Inivèsitè d Eta d Ayiti a (UEH) òganize final Konkou tradiksyon ak entèpretasyon an kreyòl chan patriyotik ayisyen samdi 1e fevriye 2025 la nan Otèl Montana nan Petyonvil.
Nan okazyon sa a, plizyè pèsonalite nan monn inivèsitè a ak monn kiltirèl la te reponn prezan. Te genyen pa egzanp Vis Rektè Akademik UEH la, Mesye Jean Poincy, Dwayen Fakilte Agwonomi ak Medsin Veterinè a, Mesye Jocelyn Louissaint, Dwayen Enstitisyon Jesyon ak Gwo Etid Entènasyonal yo, Mesye Thadal Étienne, ak plizyè pwofesè.
Nan diskou sikonstans li, Direktè Vi Etidyan an, Mesye Gérald Jean, te raple kontèks konkou a ki te lanse 10 septanm 2024 apati yon lide Rektè Inivèsite a, Mesye Fritz Deshommes, nan kad komemorasyon 221èm ane batay Vètyè 18 novanm 2024 la. Si final la te dwe fèt 14 novanm menm ane a, se sitiyasyon ensekirite a ki te vin tèlman degrade ki te fè sa pa te rive posib.

Mesye Gerald Jean te pwofite pale tou de diferan inisyativ DVE a ap antreprann pou ankadre etidyan yo malgre sitiyasyon difisil peyi a ap travèse. Pa egzanp genyen kou fòmasyon nan sekouris ki ta dwe fèt nan tout antite yo si sitiyasyon ensekirite a te bay chans. Anplis genyen yon kou dans (dans fòlklò ak dans rasin) nenpòt etidyan kapab enskri ladan li gratis. Genyen tou apui sikolojik DVE a ofri pou tout etidyan yo ki kapab rele nan nimewo 37 41 03 43 epi y ap jwenn moun asiste yo, daprè sa Direktè a presize.
Bò kote pa li, Rektè Fritz Deshommes ki pa te prezan nan sal la men ki t ap asiste a distans te pran lapawòl kote li te felisite travay DVE a reyalize, patikilyèman Konkou tradiksyon ak entèpretasyon an kreyòl chan patriyotik ayisyen yo. Li te retounen sou kontèks konkou a epi li te fè konnen chan patriyotik yo, lè nou chante yo an fransè, nou pa toujou pran sans bèl pawòl nou repete yo. Men lè nou di yo an kreyòl, lè nou tande yo an kreyòl, nou gen plis chans pou pawòl sa yo frape imajinasyon nou, pou nou sonje kalite peyi nou gen nan men nou an, ki kalite eritaj nou resevwa, ak ki gwosè responsabilite nou gen sou zepòl nou.
Yon lòt kote Rektè Fritz Deshommes te pwofite lanse yon apèl solanèl bay tout etidyan inivèsitè a pou yo ranmase koz Komisyon Nasyonal Restititisyon ak Reparasyon UEH la mete sou pye pou fòse Lafrans remèt lajan ranson pete fyèl li te fè peyi d Ayiti peye a.
«Nan moman peyi nou an ap travèse yon gwo kriz nou pa ko janm konnen, nou pa ka bliye ane sa a fè 200 zan depi Ayiti te oblije vèse yon ranson pete fyèl bay peyi Lafrans pou peye poutèt endepandans nou. Malgre nou konnen, jan chante a di, se san zansèt nou yo ki te koule, nou konnen tout move moman, tout tribilasyon tèrib akoz lajan sa a. Jodi a, 200 zan apre, lè a rive pou peyi Lafrans remèt nou lajan sa a nou te pase plis pase yon syèk ap peye, lajan sa a nou toujou ap sibi konsekans li jounen jodi a. Nan non Komite Nasyonal Ayisyen pou Restititisyon ak Reparasyon UEH la mete kanpe, n ap pwofite lanse yon gwo kout rèl bay tout etidyan UEH pou yo ranmase kòz sa a, pou chèche konnen pi plis sou dosye sa a, pou yo mache sansibilize tout lòt etidyan, tout lòt jèn parèy yo, san konte paran yo, fanmi yo, zanmi yo, pou nou kapab rive rekipere tout manman lajan an, ak tout domaj ak enterè.»
Kidonk se te yon okazyon pou Mesye Deshommes te sanbilize etidyan ki te prezan yo ak tout asistans la sou dosye resitisyon ak reparasyon an. Yo pa te sèlman la pou pèfòme epi apresye tout bèl bagay ki te gen nan pwogram nan

Etidyan ki te nan final yo te dis an total avèk 2 reprezantan FASCH ki se Yolène Charles ak Vanessa Lindor, 3 reprezantan FLA ki se Edlis Élisée, Melchisédech Cherami ak Mardochée Zatil, 2 reprezantan INAGHEI ki se Naura Bélizaire ak Kitkerson Clervius, ak 1 reprezantan FDSE ki se Néissa Francois, epi 2 reprezantan Kanpous Inivèsitè Wa Henri Christophe Limonad ki se Daphkerline Jean-Baptiste ak Kéberson Elias.
Manm jiri yo se te Atis Lionel Benjamin, Chantèz Barbara Guillaume epi Chèf òkès Dickens Princivil ki t ap jije prestasyon chak kandida yo daprè kritè ki te deja etabli. Men pou premye faz konkou a, faz tradiksyon an ki pou te pèmèt kandida yo rive nan faz entèpretasyon an, jiri a te genyen ladan li Pwofesè Akademisyen Calixte Grégory, Pwofesè Louinès Volny ak Pwofesè Molès Paul.
Nan menm okazyon final la, Direksyon Vi Etidyan te remèt plak onè ak merit bay yon seri pèsonalite pou reyalizasyon yo swa nan monn inivèsitè a, swa nan monn kiltirèl la. Pèsonalite ki te onore yo se : Lionel Benjamin, Barbara Guillaume, Dickens Princivil, Frankétienne, Doktè Marie Eveline Moïse, Woodly Caymitte, Pierre Buteau, Paul Antoine Bien-Aimé, Doktè Ernst Joseph, Bertil Victorin, Lyonel Sanon ak Fritz Deshommes.

N ap souliye nan okazyon an, Gwoup Ayiti Twoubadou avèk Bertil Victorin, alyas Ti Kòk, pa te manke mete anpil animasyon nan asistans la, san bliye Twoup Dans inivèsite a ki te ofri yon seri prestasyon estrawodinè ki pa te manke fè piblik la plezi. Te genyen tou Poète Silencieux ki te deklame tèks yo te apresye anpil.

Bò kote pa li, Atis Lionel Benjamin yo rele Pè Nowèl Ayisyen an, lè li monte al resevwa plak onè ak merit li a, li te tou fè piblik la sonje Tonton Nwèl pa janm twò lwen, li ka tounen menm si l fèk ale, lè li te entèprete chanson mitik li «Se mwen abdenwèl» pandan piblik la t ap chante an kè avèk li.
Tout sa montre se te yon jounen anmizman, plezi sen, lwen traka lavil Pòtoprens yo. Pandan tan sa a, 10 finalis konkou a te gentan pèfòme devan jiri a epi moman an te rive pou yo te pwoklame rezilta final la. Avan sa, Direktè Vi Etidyan an te remèt sètifika ak prim konsolasyon bay lòt 10 patisipan ki te elimine nan 1/2 final, ki pa te gen chans pèfòme nan final la. Nou dwe souliye tou kandida Kanpous Inivèsitè Wa Henri Christophe nan Limonad yo pa te kapab prezan akoz sitiyasyon ensekirite a, se nan videyo ki te deja anrejistre jiri a ak piblik la te apresye pèfòmans yo.

Apre jiri a fin delibere, kandida ki klase 6èm ak 10èm yo gen menm pri. Epi 5 premye yo pati konsa : 5èm plas se Keberson Elias, 4èm plas se Mardochée Zatil, 3èm plas se Daphkerline Jean-Baptiste, 2èm plas se Vanessa Lindor epi 1e plas la se Néissa Francois, etidyant FDSE, ki ranpòte lamawòl nan Konkou tradiksyon ak entèpretasyon an kreyòl chan patriyotik ayisyen yo.
N ap souliye tout 10 finalis yo genyen pou yo antre nan estidyo avan lontan pou y al anrejistre mizik yo pou yo kapab pwodui yon albòm ki pral pase chak fwa Direksyon Vi Etidyan va gen pou reyalize yon lòt aktivite, daprè sa Direktè Vi Etidyan an presize.

Chan patriyotik ki te fè objè konkou sa a se : Quand nos ancêtres brisèrent leurs entraves (Lè zansèt nou yo te kase chenn yo) Oswald Durand te ekri epi Occide Jeanty te mete nan mizik, ki sèvi tou kòm im prezansyèl), Hymne au drapeau (Ochan pou drapo a) Carole Demesmin chante, Hymne au drapeau (Ochan pou drapo a) Christian Werleigh ekri epi mete nan mizik, epi Hymne à la jeunesse ou Fière Haïti (Ochan pou lajenès ou Fyè Ayiti) Édouard A. Tardieu ekri epi Baptiste Desaix mete nan mizik.
