FHF salye depa Jean Gracia, ansyen dirijan foutbòl nan Senmak

Fyète Kreyòl Enfo Tag
©FHF

Nan yon kominike, Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF), Komite Nòmalizasyon an, ansanm ak tout anplwaye yo esprime gwo tristès ki nan kè yo apre desè Jean Gracia, ki se ansyen dirijan Dynamite AC ak Lyons FC nan Senmak.

Kominike a prezante Jean Gracia kòm yon sèvitè devwe ki te travay avèk pasyon pou devlopman foutbòl la, menm jan frè li Jean Degraff te fè sa. Moun te kapab wè jan li te renmen foutbòl la nan konpreyansyon li,  respè li ak angajman li ki te san fay. Lanmò li se yon gwo pèt pou foutbòl la ki deja manke dirijan konsekan ki envesti tout yo menm pou espò sa a, daprè sa kominike a presize.

Jean Gracia mouri nan laj 56 zan. Fineray li ap selebre madi 18 fevriye a 8 è nan maten, nan Salon Finerè Bob Beaubrun nan Senmak.

Federasyon Ayisyèn Foutbòl prezante sensè kondoleyans li bay fanmi li, pwòch li yo, klèb li yo, epi bay tout foutbòl la nan vil Senmak.

Se pou nanm li repoze an pè !

Description de l'image