Nan jounen Sen Jan Batis sa a, lendi 24 jen 2024 sa a, Prezidan Konsèy Tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils, voye yon mesaj ki chaje ak fyète ak rekonesans bay peyizan li yo nan Miragwàn.
Nan mesaj li a, li eksprime swè li bay tout Miragwanè, kèlkeswa kote yo ye nan monn nan. Li remèsye òganizatè yo ak kominote a pou devouman yo ak antouzyas yo pou bèlte nan vil la pou li kapab plis akeyan.
Natifnatal Nip la esprime tou gwo regrè li genyen paske li pa kapab prezan fizikman akoz responsablite li genyen kòm Prezidan Konsèy Tranzisyon an. Li pwomèt pou li nan mitan yo pou selebrasyon an lane pwochèn epi li ankouraje envestisè yo pou yo vin sipòte devlopman ekonomik nan depatman Nip.
Edgard Leblanc Fils souliye enpòtans inite ak solidarite nan mitan Miragwanè yo. Li swete tout moun selebre ak kè kontan ak pataj. Li swete evèk dyosèz la, Monseye Pierre-André Dumas, yon gerizon rapid.
