Nan yon lèt repons li voye bay mèt Josué Pierre-Louis ki se Sekretè Jeneral Prezidans la, Federasyon Bawo d Ayiti a di non mèsi pou demann Konsèy Tranzisyon an te fè nan lèt ki pote dat 10 me 2024 pou te mande li kowòdone chwa yon kandida Bawo a nan pòs Premye Minis.
Lèt la fè konprann Federasyon Bawo a te resevwa lèt konsèy la. Men lè yo fin delibere, yo reyalize kondisyon yo pa reyini pou yo patidipe nan pwosesis sa a. Konsa yo deside pa reponn demann nan.
Pi lwen, Bawo a fè konnen li konsyan li gen yon wòl santinèl pou li jwe pou veye sou demokrasi a nan peryòd difisil sa a, se sa ki fè li ta swete pou nouvo tranzisyon sa a ale byen pou li kapab pèmèt yo retabli eta de dwa a.
