Federasyon Ayisyèn Foutbòl vle kontinye efò li pou regilarize tout aktivite foutbòl nan peyi a. Nan sans sa a, li pran plezi pou li envite tout responsab akademi ak lekòl foutbòl nan yon reyinyon travay enpòtan k ap fèt 4 jiyè 2024.
Nan yon lèt envitasyon ki pibliye mèkredi 26 jen 2024 la, Federasyon an di li prezante konpliman li bay dirijan akademi ak lekòl foutbòl yo epi li envite yo nan yon reyinyon enpòtan k ap fèt 4 jiyè 2024 a 11 zè AM pa vizyokonferans.
Enstans dirijan foutbòl ayisyen an presize rankont sa a enskri nan demach pou yo fè envantè, katografye epi regilarize sitiyasyon yo nan kontèks sosyal patikilye kote Federasyon an, nan kad misyon li pou òganize foutbòl la, dwe favorize gwo patisipasyon jèn atlèt yo, jan mezi FIFA adopte yo mande sa.
Federasyon Ayisyèn Foutbòl fè konnen lekòl ak akademi yo gen obligasyon pou konfime prezans yo lè yo voye non reprezantan yo avèk yon adrès imel valid pou yo kapab resevwa lyen rankont la.
Envitasyon sa a pote siyati Monique André ak Mèt Yvon Sévère, Manm Komite nòmalizasyon an.
