Nan yon kominike ofisyèl nan dat 10 fevriye 3025, Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF) montre gwo tèt chaje li genyen akoz moun ak zam pran kontwòl Sant FIFA Gòl la nan Kwadèboukè.
Federasyon Ayisyèn Foutbòl fè konnen li gen gwo enkyetid ak gwo tèt chaje poutèt moun ak zam antre nan Sant FIFA Gòl la nan Kwadèboukè epi pran kontwòl li dimanch 9 fevriye 2025 la, sa yon videyo ki t ap sikile sou rezo sosyal yo te konfime.
Federasyon an deklare apre yo fin pèdi estad Sylvio Cator, nouvo poteboure sa a ki fèt sou enstalasyon espòtif yo vin kase ponyèt foutbòl la epi retire nan men li espas ki pou pèmèt li devlope. Li presize sant la se yon espas enpòtan pou fòme nouvo jèn talan, fi kou gason, epi ki vize redui delenkans lakay jèn yo gras ak espò, ak fòme atlèt pou seleksyon nasyonal ak klèb yo.
Federasyon Ayisyèn Foutbòl kondane ak tout fòs li zak malonnèt sa yo ki mete an danje pwomosyon espò, lapè ak estabilite sosyal an Ayiti.
Federasyon an mande otorite konpetan yo ansanm ak patène nasyonal ak entènasyonal yo pou yo pran mezi nesesè pou garanti sekirite epi pou yo ka rekipere Sant FIFA Gòl la ki se pwopriyete jenès ayisyen an.
Anfen FHF fè konnen yo pa kapab kite sant sa a pèdi. Poutèt sa yo mande tout aktè yo pou respekte misyon li, pou yo remèt li, pou li kapab kontinye sèvi jenerasyon kounye a ak sa k ap vini yo.
