Sekretarya Jeneral Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF) anonse nan dat 14 janvye 2025 li louvri ofisyèlman rejis enskripsyon pou moun ki vle vini Ajan nasyonal jwè foutbòl yo. FHF fè konnen enskripsyon yo ap kòmanse 15 janvye 2025 sa a epi y ap rapousuiv jiska vandredi 15 fevriye 2025 a 11 zè 59 PM.
Federasyon Ayisyèn Foutbòl fè konnen kandida ki ranpli kondisyon pou yo vin Ajan yo ap gen pou yo sibi yon egzamen kote se rezilta egzamen sa a ki pral ba yo dwa pou yo egzèse kòm Ajan nasyonal jwè foutbòl yo.
Apre yo fin rive nan grad Ajan nasyonal jwè yo, y ap tou gen dwa patisipe nan egzamen ki pou pèmèt yo vini Ajan FIFA jwè foutbòl yo, men sa gen kèk kondisyon ki rete pou yo presize, daprè FHF.
Si yon moun bezwen gen plis enfòmasyon toujou, li kapab kontakte Sekretarya Jeneral Federasyon Ayisyèn Foutbòl nan adrès sa a : [email protected].
