Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF) fè konnen se ak anpil tristès li aprann lanmò jwè foutbòl Charleston Atisson ki rive nan Mibalè samdi 25 janvye 2025 la.
Charleston Atisson se ansyen jwè AS Mibalè ak FICA, epi ki te reprezante peyi a avèk fyète nan kategori seleksyon jèn yo.
Federasyon Ayisyèn Foutbòl fè konnen li prezante sensè kondoleyans li bay fanmi li, pwòch li yo ak tout kominote foutbòl la ki nan lapenn akoz dèy sa a.
Charleston Atisson vwayaje nan laj 25 an. Se pou nanm li repoze an pè !
