Federasyon Ayisyèn Foutbòl òganize egzamen pou ajan jwè foutbòl yo

KF: Federasyon Ayisèn Foutbòl

Jodi mèkredi 22 me 2024 la, Federasyon Ayisyèn Foutbòl anonse sou paj X li l ap òganize egzamen Fifa pou ajan jwè foutbòl yo.

Federasyon an ki fè konnen tout bagay deja pare pou resevwa kandida yo pwofite swete kandida sa yo bòn chans pandan li montre li enpasyan pou li wè lòt nouvo ajan vin ranfòse kominote foutbòl pwofesyonèl ayisyen an.

Egzamen Fifa pou ajan jwè foutbòl yo se yon egzamen ki genyen 20 kesyon chwazi bon repons epi ki dire 60 minit. Se yon egzamen k ap teste nivo konesans kandida a sou règleman Fifa yo ak sou sistèm transfè a.

Ensekirite peyi a ap konnen depi kèk ane genyen gwo konsekans negatif sou jwèt foutbòl la ki se espò prefere popilasyon ayisyèn nan. Men genyen anpil gwo jwè ak jwèz ayisyen k ap evolye nan gwo chanpyona etranje, pami yo Melchie Dumornay ki pral jwe final ligdèchanpyon feminen an apre li fin chanpyòn nan chanpyona fransè a.

Description de l'image