FC Baselòn premye kalifye pou 1/4 de final Ligdèchanpyon UEFA a

© FC Barcelona

Apre ti kout viktwa li 1 – 0 mèkredi 5 mas dènye sou tèren Bennfika Lisbòn, FC Baselòn mete do Bennfika atè ankò madi 11 mas 2025 la nan estad olenmpik Lluís Companys a Baselòn pou li vini premye kalifye pou 1/4 de final Ligdèchanpyon UEFA a.

Toudabò se Baselònè yo ki te lanse deba a avèk yon reyalizasyon Raphinha sou yon sèvis majistral Lamine Yamal (11′). Men sèlman 2 minit apre, Bennfika ta pral egalize sou yon kònè avèk yon kout tèt Nicolas Otamendi (13′).

Apre sa, Lamine Yamal ta pral bay Katalan yo avantaj la sou yon aksyon li mennen kote li kite plizyè defansè atè avan li kwochte pou li mete yon frap nan antre kare reparasyon an ki ta pral dodomeya nan ti filè ekip Bennfika a (27′). Epi nan fen premye mitan an, Raphinha ta pral make double pèsonèl li pou mete eskò a 3 – 1 nan avantaj mesye Hansi Flick yo.

Ekip yo te kontinye woule balon nan dezyèm mitan an, men eskò a pa t ap evolye ankò. Sa fè Baselòn mete do Bennfika atè 3 – 1 (4 – 1 an tou). Bennfika ap rete la nan konpetisyon an men Baselònè yo ap kontinye wout yo lè yo vini premye kalifye pou 1/4 de final yo.

1/8 de final yo ap kontinye jodi madi a ak demen mèkredi 12 mas la pou detèmine 7 lòt kalifye pou 1/4 de final yo.

Description de l'image