FC Baselòn pase tren an sou Reyal Betis

© FC Barcelona

Apre gwo viktwa li kont Reyal Madrid (5 – 2) nan final Sipèkoup Espay la dimanch 12 janvye a, FC Baselòn te gen randevou ak Reyal Betis lakay li nan Estadi Olímpic Lluis Companys nan kad 8èm de final Koup Wa Espay la, mèkredi 15 janvye 2025 la.

An konfyans, FC Baselòn te tankou yon bèf ki kase kòd nan yon jaden mayi k ap fè dega. Li pase Reyal Betis 5 gòl a 1 pou li kontinye wout li nan konpetisyon an.

Moun ki make pou FC Baselòn se Gavi (3′), J. Koundé (27′), Raphinha (58′), F. Torres (67′), epi L. Yamal (75). Bò kote Betis, se V. Roque ki te efase zewo a sou penalite (84′).

Mesye Hansi Flick yo sanble reprann konfyans epi yo parèt pi motive pou rès sezon an Espay.

Description de l'image