FC Baselòn kraze Reyal Madrid epi ranpòte Sipèkoup Espay la

© FC Barcelona

FC Baselòn te gen randevou ak gran rival li nan foutbòl espanyòl la, Reyal Madrid, dimanch 12 janvye 2025 la nan estad King Abdullah Sport City nan Arabi Sawoudit, nan kad final Sipèkoup Espay la.

Espetak la pa te pran tan pou li kòmanse paske 22 aktè yo pa te nan pèdi tan. Bonè bonè, FC Baselòn te vle limen dife nan kan Madrilèn yo avèk sitou yon Lamine Yamal enperyal ki ta pral bite sou yon T. Courtois ki pa te mwens enperyal. Men se Reyal Madrid ki ta pral louvri mak la nan 5èm minit gras ak Kylian Mbappé ki ta pral mennen yon kontratak tankou yon flèch, apre yon konè Baselonè yo.

A 1 a 0, Reyal te panse afè l te fin regle. Men ti prodij 17 an FC Baselòn nan, Lamine Yamal ta pral fè konprann kote ki gen timoun granmoun pa boule kay. Li ta pral jwenn yon balon nan rantre kare reparasyon an epi li ta pral fè maji avèk li avan li klase T. Courtois pou egalize pou Katalan yo (22′)

Apre sa, tout bagay ta pral anchene pou FC Baselòn ki te dechennen. Robert Lewandowski ta pral bay ekip Hansi Flick la avantaj la sou penalite (36′) apre yon fot sou Pedri nan kare a. Epi kapitèn Raphinha ta pral vide yon bokit dlo sou tèt Madrilèn yo lè li ta pral bat T. Courtois pou make 3èm gòl la (39′).

©FC Barcelona

Sa ki fè Madrilèn yo pase yon move moman ankò, se paske non sèlman yo t ap pran gòl men yo t ap sibi match la tèlman FC Baselòn t ap domine. Sa ki fè 4èm gòl la pa te lwen. Li ta pral vini avèk A. Balde ki ta pral klase T. Courtois nan tan adisyonèl premye mitan an (45+10′), sa ki te mete eskò a 4 a 1 depi nan premye mitan nan avantaj FC Baselòn.

Nan dezyèm mitan an, FC Baselòn ta pral montre li te grangou toujou. Se konsa Raphinha ta pral jwenn 5 a 1 bonè bonè nan 48èm minit.

Malerezman pou FC Baselòn, gadyen yo, W. Szczęsny ta pral pran yon katon wouj apre yon fot sou Kylian Mbappé nan antre kare reparasyon an. Epi sanksyon an te doub piske Iñaki Peña ki te ranplase li anba gòl Baselòn nan pa te kapab fè anyen sou koufran Rodrygo te tire a, kote li ta pral enskri yon dezyèm gòl pou ekip Carlo Ancelotti a (60′).

Finalman, eskò a ta pral rete la. Atakan nan 2 ekip yo te kontinye pouse men gadyen yo ki te montre yo solid anba gòl yo, malgre gen 7 gòl nan match la, te anpeche eskò a ogmante.

© FC Barcelona

Sa fè dezyèm imilyasyon Reyal Madrid pran nan 2 klasiko li jwe pou sezon an. Men pou sa ki konsène FC Baselòn, viktwa yo a te byen merite, tèlman yo te siperyè.

FC Baselòn kraze Reyal Madrid 5 a 2 pou li ranpòte Sipèkoup Espay la pou sezon an, epi li tou ofri nouvo antrenè li, Alman Hansi Flick, premye tit li kòm antrenè Katalan yo.

Description de l'image