Nan premye demi final sipèkoup Espay la, FC Baselòn jwenn kalifikasyon li jodi mèkredi 8 janvye 2024 la, nan estad King Abdullah Sport City nan peyi Arabi Sawoudit, lè li bat Atletik Bilbao 2 – 0.
Nan yon match Baselònè yo te domine, yo te rive make premye gòl la nan 17èm minit gras ak Gavi ki te repranm yon sant nan kare reparasyon an. Epi nan 52èm minit, yon ti tan apre dezyèm mitan an te kòmanse, Yamal te make dezyèm gòl ekip Hansi Flick la pou voye li nan final.
Malgre kèk relachman nan fen dezyèm mitan an bò kote defans Baselònè yo, Atletik Bilbao pa te janm rive make yon gòl nan match la, sa ki fè li oblije rete nan pòt final la.
Kounye a FC Baselòn tèt frèt ap tann rezilta lòt demi final la k ap jwe demen jedi a 2 zè PM ant Reyal Madrid ak Mayòka, pou li konnen ak kilès li pral toke kòn li nan final.
