Jodi vandredi 5 jen 2024 sa a make kòmansman premye match 1/4 de final yo nan kad Koup d Ewòp Nasyon yo k ap dewoule nan Peyi Almay depi 14 jen dènye.
Premye match la se te yon afich wo nivo ant Almay, peyi òganizatè, ak Espay ki se ekip sansasyon moman an. Devan piblik li, Almay te espere ranpòte viktwa a epi li te pare pou batay jiskobou pou pijon bwa pa te vin bat pijon kay. Men Espay li menm pa te wè koze a konsa.
Si premye mitan an ta pral fini 0 – 0, Espay ta pral louvri eskò a nan 51èm minit gras ak D. Olmo. Viktwa a t ap fè Espanyòl yo filalang lè Almay te jwenn egalizasyon li nan 89èm minit gras ak F. Wirtz. Lespwa te retounen nan kan Alman yo paske tout bagay te a rekòmanse pou de ekip yo. Yo te oblije ale nan pwolongasyon.
Nan moman pwolongasyon an, seyans penalite a t ap miyanp miyanp devan je 22 aktè yo lè Espay te vide yon bonm dlo glase sou Mercedes-Benz Arena a avèk yon gòl Mikel Merino nan 119èm minit. Se konsa Espay rive mete do Almay atè lakay li epi li retire tout espwa li pou li ta ranpòte Ewo a devan piblik li.
Katon wouj Carvajal pran nan 125èm minit pa gen okenn konsekans sou rezilta a paske Espay se premye ekip ki jwenn tikè li pou 1/2 final yo. Definivman, machin espanyòl la sanble pa ka kanpe. Woulo konpresè a ap pase sou tout sa li jwenn.
1/4 de final yo ap rapousuiv avèk dezyèm match jounen an ant Lafrans ak Pòtigal. Nan moman n ap ekri atik sa a, premye mitan an deja fini epi eskò a toujou 0 – 0.
