Ewo 2024 : premye match san gòl plis zewo kalifye pou 1/8 de final

Fyète Kreyòl Enfo Tag
KF: UEFA EURO 2024 sou X

Jodi vandredi 21 jen sa a Koup d Ewòp Nasyon yo t ap rapousuiv nan peyi Almay kòmsadwa. Gwoup ki t ap woule balon yo se gwoup D ak E kote chak ekip t ap goumen swa pou yon kalifikasyon nan 1/8 de final, swa pou bay tèt yo yon chans pou kalifye nan dènye jounen faz gwoup yo.

Premye match jounen an se te ant Eslovaki ak Ikrèn. Match sa a te enpòtan pou 2 ekip yo paske si Eslovaki te bat, li t ap tou kalifye. Bò kote Ikrèn, li te bezwen viktwa a pou li te kapab gen espwa kalifye toujou nan pwochen match la.

Toudabò se Eslovaki ki te louvri eskò a nan 17èm minit gras ak I. Schranz. Men lè Eslovak yo t ap pare pou al fete kalifikasyon yo, Ikrèn te di yo se byen konte mal kalkile. Se konsa yo ta pral ankese 2 gòl nan dezyèm mitan an avèk M. Shaparenko (54′) epi R. Yaremchuk (80′). Se konsa Ikrèn mete do Eslovaki atè pou li ranpòte viktwa a 2 – 1 epi li tou bay tèt li chans kalifye nan pwochen match la. 

Nan dezyèm match la ki t ap jwe ant Polòy ak Otrich, se te menm konba a piske chak ekip sa yo te pèdi premye match yo. Yo chak t ap lite pou bay tèt yo yon chans kalifikasyon. Finalman, se Otrich ki ranpòte viktwa 3 – 1 epi ki kenbe chans kalifikasyon an nan dènye match la, menm si nou pa ka di Polòy ko elimine pou sa.

Otrich te louvri eskò a avèk G. Truner nan 9èm minit epi Polòy ta pral egalize avèk K. Piatek nan 30èm minit. Apre sa nan dezyèm mitan an Otrich ta pral make 2 gòl gras ak C. Baumgartner nan 66èm minit epi M. Arnautović nan 78èm minit sou penalite.

Finalman nan dènye rankont la ant Lafrans ak Peyi Ba, youn pa te kapab mete do lòt atè. Menm yon grenn gòl yo pa te make, sa ki fè yo anrejistre premye match nil san gòl nan Ewo 2024 yo. Men tou, jodi a pa gen ekip ki kalifye pou dezyèm tou a. Tout ekip ki t ap jwe jodi a ap oblije tann dènye match yo pou yo konnen kijan zafè yo ap pase.

Demen samdi 22 jen an konpetisyon an ap kontinye ak gwoup E ak F. Pral genyen 3 match nan pwogram nan.

Jòji – Repiblik Tchèk a 9 è AM

Tiki – Pòtigal a midi

Bèljik – Woumani a 3 zè PM.

Description de l'image