Ewo 2024 : Pòtigal kalifye, Bèljik fè yon bèk

Fyète Kreyòl Enfo Tag
KF: UEFA EURO 2024

Jodi samdi 22 jen sa a, Koup d Ewòp Nasyon yo t ap rapousuiv nan peyi Almay kòmsadwa jan sa te kòmanse depi 14 jen. Se ekip gwoup E ak gwoup F ki t ap toke kòn yo nan 3 match ki te gen nan pwogram nan nan okazyon sa a. Se jodi a ekip yo t ap kòmanse wè klè si y ap gen chans kalifye pou 1/8 de final yo osinon si yo ta mèt kòmanse mare pakèt yo pou rantre nan peyi yo.

Nan premye match jodi a, Jòji te fas pou fas ak Repiblik Tchèk. De ekip yo fè match nil 1 – 1 epi yo pataje pwen yo. Pou Jòji moun ki te make se G. Mikaudadze (45+4′) sou penalite epi pou Repiblik Tchèk se P. Schick (59′). Chak ekip sa yo gen 1 pwen sou 6 men yo toujou gen chans pou kalifye pou 1/8 de final yo. Sa pral depann de rezilta dènye jounen faz gwoup yo.

Nan dezyèm match jounen an ki te opoze Pòtigal ak Tiki ki te deja gen 3 pwen sou 3 yo chak apre premye jounen an, se krabinen Pòtigal krabinen Tiki 3 – 0 pou li tou kalifye tèt li pou 1/8 de final yo. Pòtigal pa konn ka pèsonn apre jodi a men li tou lage Tiki nan mache prese kote li pral oblije goumen pou kalifikasyon pa li nan dènye jounen gwoup la. Moun ki te make pou Pòtigal se B. Silva (21′), S. Akaydin (28′ kont kan li) epi B. Fernandes (55).

Nan twazyèm epi dènye match la ki te opoze Bèljik ak Woumani, Bèljik mete do Woumen yo atè 2 – 0 pou yo pran 3 pwen an pou yo kapab bay tèt yo yon chans pou yo kalifye tou nan dènye jounen an. Moun ki te make pou Bèljik se Y. Tillmans (2′) epi K. De Bruyne (79).

Nan gwoup E a, okenn ekip pa ko kalifye men tout ekip gen 3 pwen sou 6. Se nan dènye jounen an tout bagay pral deside pou konnen kilès k ap kontinye konpetisyon an epi kilès k ap fè valiz yo.

Demen dimanch 23 jen an konpetisyon an ap rapousuiv avèk 2 dènye match gwoup A yo k ap jwe nan menm lè (3 zè PM). Nan gwoup sa a Almay deja kalifye li menm.

Lasuis – Almay a 3 zè PM

Ekòs – Ongri a 3 zè PM

Description de l'image