Dezyèm tou Koup d Ewòp Nasyon yo rive nan bout li jodi madi 2 jiyè a nan peyi Almay. De dènye 1/8 de final yo livre vèdik yo. Apati Jodi a, tablo 1/4 de final yo konplè kote 8 ekip pral batay pou yo fè pati kare majik la ki pral konpoze avèk 4 mèyè ekip ewopeyèn yo.
Toudabò, jodi a Tiki t ap toke kòn li ak Otrich a midi. Malgre dominasyon Otrichyen yo (21 chout plis 61% posesyon pou Otrich kont 6 chout plis 39% posesyon pou Tiki), se Tik yo ki rive mete do Otrichyen yo atè 2 – 1 pou yo pran tikè k ap mennen yo nan 1/4 de final la. Moun ki te make nan match sa a se M. Demiral (1′ ak 59′) pou Tiki epi M. Gregoritsch (66′) pou Otrich.
Apre sa, a 3 zè PM, Peyi Ba te fas pou fas ak woumani pou dènye biyè pou 1/4 de final yo. Ebyen Peyi Ba savonnen Woumani, li rense l, li siye l epi li mete l dodo. 23 chout, 66% posesyon plis 3 gòl pou Peyi Ba kont 5 chout, 34% posesyon plis 0 gòl pou Woumani. Se vrèman yon timoun ki t ap batay ak yon gramoun. Peyi Ba mete sa nan wòl li pou li pa janm fè sa ankò. Moun ki te make pou Peyi Ba se C. Gapko (20′) epi D. Malen (83′ ak 90+3′)
Se konsa 1/8 de final yo tèmine jodi a epi tablo 1/4 de final yo tou konplè. Match 1/4 de final yo ap jwe vandredi 5 ak samdi 6 jiyè.

