Jodi madi 25 jen 2024 la, Koup d Ewòp Nasyon yo t ap kontinye nan peyi Almay avèk dènye match gwoup C ak D yo. Te gen 4 match nan pwogram nan. Sètènman fanatik bon boul yo t ap tann 4 match wo nivo ak anpil bèl gòl, anpil bèl aksyon. Lè ou konsidere dimansyon jwè ki t ap sou tèren yo jodi a, Mbappé, Griezmann, Harry Kane, Jude Bellingham, Eriksen, eks, tout moun te ka kwè se t ap yon bèl jounen boul.
Malerezman, match yo te fad fad ak yon bann jwè ki pa te reponn vrèman. Se sa ki fè te genyen 2 match nil 0 – 0 (Dànmak – Sèbi epi Angletè – Esloveni) plis yon nil 1 – 1 avèk yon penalite nan chak kan ant Lafrans ak Polòy. Se K. Mbappé ki te enskri premye penalite a pou Lafrans nan 56èm minit epi R. Lewandowski te make pa Polòy la nan 79èm minit.
Match ki te reponn vrèman se Peyi Ba – Otrich avèk 5 gòl make, yon viktwa Otrich ki pèmèt li ranpòte gwoup D a. Nan jounen boul fad sa a kote vedèt yo pa te montre yo nan dimansyon repitasyon yo, nou kapad di Otrich te mete bon ti asezònman pou te bay jounen an yon lòt gou nan bouch fanatik bon boul yo. Moun ki te make pou Otrich se D. Malen (6′ kont kan li), R. Schmid (59′) epi M. Sabitzer (80′). Pou Peyi Ba se te C. Gapko (47′) ak M. Depay (75′).
Nan gwoup C a, Angletè fini premye avèk 5 pwen sou 9, Dànmak dezyèm avèk 3 pwen sou 9 epi Esloveni twazyèm avèk 3 pwen sou 9 men li kalifye kòm meyè twazyèm.
Nan gwoup D a, Otrich premye avèk 6 pwen sou 9, Lafrans dezyèm avèk 5 pwen sou 9, Peyi Ba twazyèm epi kalifye kòm meyè twazyèm avèk 4 pwen sou 9.
Demen mèkredi 26 jen an se pral fen faz gwoup yo avèk 4 match nan pwogram nan k ap konsène gwoup E ak F. Gwoup E a ap jwe a midi epi gwoup F a 3 zè PM.
Eslovaki – Woumani a midi
Ikrèn – Bèljik a midi
Jòji – Pòtigal a 3 zè PM
Repiblik Tchèk – Tiki a 3 zè PM
