Ewo 2024 : Espay dezyèm kalifye pou 1/8 de final

Fyète Kreyòl Enfo Tag
KF: UEFA EURO 2024 sou X

Jodi jedi 20 jen 2024 la, Koup d Ewòp Nasyon yo t ap rapousuiv nan peyi Almay. Te gen 3 match nan pwogram nan ki te enplike gwoup B ak C.

2 premye match jounen an pa te pèmèt okenn tandans klè degaje nan gwoup C a. Se te 2 match nil 1 – 1, toudabò ant Esloveni ak Sèbi nan maten epi ant Angletè ak Dànmak a midi. Menm si Angletè pran yon opsyon an tèt avèk 4 pwen sou 6, matematikman li pa ko kalifye pou sa. N ap oblije tann 2 dènye match yo pou nou konnen vrèman kisa ki pral pase nan gwoup sa a.

Esloveni – Sèbi : 1 – 1. Moun ki make pou Sèbi se L. Jović (90+5) ki te egalize alòske Sèbi t ap pare pou selebre viktwa li piske li te louvri eskò a depi nan 69èm minit avèk Z. Karničnik.

Dànmak – Angletè : 1 – 1. Moun ki te make pou Angletè se te H. Kane (18′) alòske M. Hjulmand te egalize pou Dànmak nan 34èm minit.

Nan dènye match jounen ki se te chòk gwoup B a ki t ap opoze Espay ak chanpyon an tit Italyen yo, Espay te mete pye li sou balon an epi li te fè tout sa li konnen pou li te mete do Itali atè. 20 chout pou Espay kont 4 pou Itali, 58% posesyon pou Espay kont 42% pou Itali. Men malgre domininasyon sa a, atakan espanyòl yo pa te reyisi mete boul la nan gòl la. Men sou yon sant Iñaki Williams, R. Calafiori ta pral devye balon an nan kan li (55′) pou pèmèt Espay ranpòte viktwa a ki tou sinonim kalifikasyon pou Roja a.

Alòs Espay se dezyèm ekip ki kalifye pou 1/8 de final yo apre Almay, peyi òganizatè, ki te kalifye yè mèkredi a.

Konpetisyon an ap rapousuiv demen vandredi 21 jen an avèk 3 match nan pwogram nan k ap enplike gwoup D ak E.

Eslovaki – Ikrèn a 9 è

Polòy – Otrich a midi

Peyi Ba – Lafrans a 3 zè.

Description de l'image