Dènye match gwoup A yo t ap jwe jodi dimanch 23 jen an nan kad Ewo 2024 la. Toudabò, Lasuis te an fas Almay, peyi òganizatè ki te deja kalifye men ki t ap lite pou fini premye nan gwoup la, epi Ekòs te fas pou fas ak Ongri pou yon plas twazyèm annatandan rezilta lòt gwoup yo. Tou 2 match yo t ap jwe nan menm tan pou evite kalkil.
Ongri bat Ekòs nan match pa li a pou li pran 3 pwen an ki kapad enpòtan anpil pou rès konpetisyon an paske li fini twazyèm. Kòm gen 4 meyè twazyèm k ap kalifye, l ap rete tann sa ki pral pase nan lòt gwoup yo pou li konnen kote li gad. Ekòs li menm fini dènye ak 1 pwen sou 9 epi li tou elimine. Moun ki te make pou Ongri se C. Csoboth (90+10′).
Nan lòt match la, Lasuis pa te manke fè kè Almay kase. Menm lè Alman yo te domine match la, se Lasuis ki te louvri eskò a nan 28èm minit gras ak N. Ndoye. Se jis nan tan adisyonèl yo Almay ta pral vin jwenn egalizasyon li gras ak N. Füllkrug (90+2′) ki te rantre kòm ranplasan nan match la. Se konsa Almay tou fini premye nan gwoup A avèk 7 pwen sou 9. L ap kapad evite Espay si li ta fini premye nan gwoup B a. Lasuis li menm fini dezyèm avèk 5 pwen sou 9 epi li tou valide tikè li pou 1/8 de final yo.
Ewo 2024 yo ap rapousuiv demen lendi 24 jen an avèk 2 dènye match gwoup B a k ap jwe a 3 zè PM.
Albani – Espay a 3 zè PM
Kwowasi – Itali a 3 zè PM
