Koup d Ewòp Nasyon yo ap kontinye fè chemen li nan peyi Almay. Jodi mèkredi 19 jen an se gwoup A ak gwoup B ki te retounen sou sèn nan avèk twa match nan pwogram nan.
Premye match jounen an t ap dewoule ant 2 ekip ki te pèdi yo nan gwoup B a, Kwowasi ak Albani. Match sa a te fini 2 gòl a 2. Sa ki fè chak ekip sa yo gen 1 pwen sou 4, sa vle di yo pa ko pèdi lespwa pou yo kalifye pou faz elimasyon dirék yo. Moun ki te make pou Albani se Q. Laçi (11′) ak K. Gjasula (90+5′). Bò kote Kwowasi moun ki te make pou li se A. Kramarič (74′) ak K. Gjasula (76′ kont kan li).
Nan dezyèm match la ant Almay ak Ongri, Alman yo domine Ongri 2 gòl a 0 pou yo kapab vini premye ekip ki kalifye pou 1/8 de final yo nan kad Ewo 2024 yo k ap jwe lakay yo devan piblik yo. Moun ki te make pou Almay se J. Musiala nan 22èm minit epi I. Gündogan nan 67èm minit.
Anfen nan dènye match jounen an ant Lasuis ak Ekòs, 2 ekip yo te pataje pwen yo avèk yon match nil 1 – 1. Konsa Lasuis vin gen 4 pwen nan dezyèm pozisyon dèyè Almay epi li pratikman asire l ap kalifye pou 1/8 de final yo. Pou Lasuis se X. Shaqiri nan 26èm minit ki te make alòske Ekòs te louvri eskò a depi nan 13èm minit gras ak S. McTominay.
Demen jedi 20 an konpetisyon an pral rapousuiv avèk twa match nan pwogram nan k ap konsène gwoup B ak C.
Esloveni – Sèbi a 9 è AM
Dànmak – Angletè a midi
Espay – Itali a 3 zè PM.
