Dorothy Jean Tillman II ki te kòmanse etid siperyè li lè li te genyen 10 an sèlman rive gradye kòm doktè nan laj 17 an nan okazyon seremoni gradyasyon Inivèsite Arizona nan dat 6 me 2024 la.
Selon sa Associated Press rapòte, lè li te prezante tèz li an desanm ki sot pase a, li te vini moun ki pi jèn ki te rive dekwoche doktora li nan sante konpòtman entegre nan Eta Arizona a.
Nòmalman nan laj 10 an, se laj pou Dorothy Jenius (jan fanmi li ak zanmi li rele li) te dwe nan middle school, sa ki ta koresponn ak 3èm sik fondamantal an Ayiti. Men manman li te enskri li nan inivèsite Lake County nan Illinois kote li te soti diplome an 2016.
An 2018, li te genyen yon lisans nan syans moun nan inivèsite Excelsior college nan Nouyòk epi 2 an apre li te dekwoche yon mastè nan Unity college nan Eta Mèn. An 2021, yo te aksepte li nan pwogram jesyon sante konpòtman nan Inivèsite Arizona. Se la li fè doktora li.
Pwofesè asosye Leslie Manson di nan emisyon Good Morning America sou ABC : Se yon bagay mèveye epi nou espere Dorothy Jean ap enspire lòt etidyan. Epi li ajoute se yon bagay ki tèlman ra.
