Yon avyon ki ta pral ateri nan Ayewopò Entènasyonal Ronald Reagan nan Wachintonn sot tonbe nan flèv Potomak la mèkredi 29 janvye 2025, vè 9 è nan aswè, apre li te fin antre an kolizyon ak yon elikoptè lame amerikèn.
Avyon an se vòl American Airlines 5342 yon filyal rejyonal li ki se PSA Airlines t ap opere. Li te soti Wichita nan Kanzas, epi li te dwe ateri a 9 è nan aswè. Avyon an al antre an kolizyon ak yon elikoptè UH-Black Hawk lame amerikèn ki t ap fè yon vòl antrènman epi ki te genyen 3 militè.
Avyon an li menm t ap transpòte 60 pasaje ak 4 manm ekipaj. Ta sanble pa gen moun ki chape nan aksidan sa a. Yon sitwayen ki te gen madanm li nan avyon an fè konnen dènye mesaj madanm nan te voye ba li, li te di l yo pral ateri nan 20 minit. Epi se lè li pa janm tande l ankò li konprann gen yon bagay ki pa nòmal.
Rechèch yo ap kontinye pou jwenn tout moun yo. A 6 zè 45 maten jedi a, CBS NEWS fè konnen genyen 30 kò yo deja repeche.
Pami moun ki te nan avyon an, genyen yon koup patinè atistik peyi Larisi ki se Evgenia Chichkova ak Vadim Naumov ki te chanpyon dimonn an 1994, ak plizyè manm kominote patinaj atistik ameriken an.
Pou kounye a, yo pa konnen kisa ki lakoz kolizyon sa a ant 2 aparèy yo ki lakoz katastwòf sa a.
