Èske yon medya kapab enfòme nan yon lang li pa metrize

KF: Microgen Vya istock

Kèlkeswa metye yon moun ap egzèse, li enpòtan pou li aprann metrize zouti l ap itilize nan egzèsis metye sa a. Kote pou li aprann sa, se nan lekòl ki fèt pou sa. Si yon pwofesyonèl pa ta byen metrize zouti l ap sèvi yo, li kapab fè anpil dega nan egzèsis pwofesyon li, epitou li p ap kapab yon pwofesyonèl ki efikas.

An Ayiti, nan kesyon lang pou enfòme, genyen yon veritab dezòd nan medya yo. Nan laprès pale ak televize pa egzanp, gen kèk emisyon ki fèt an fransè ki byen kalibre, kote pwofesyonèl enfòmasyon an dwe fè prèv li byen metrize lang fransè a. Lè konsa l ap veye pou bouch li pa chape pou li pa blese lang fransè a, paske yon erè pwononsyasyon an fransè an Ayiti pi grav pase vòlè lajan Leta.

Genyen tou youn youn emisyon nan lang kreyòl kote pwofesyonèl enfòmasyon an montre li respekte lang nan, li fè efò pou obeyi ni fonoloji, ni sentaks, ni semantik lang kreyòl la. Men lè sa a ta sanble se li ki vle paske pou jan yo sèvi ak lang kreyòl nan medya yo an jeneral nan peyi a, sa ta kapab fè yon  moun panse direksyon medya yo pa fè okenn obligasyon pou yon moun prezante nouvèl osinon nenpòt lòt emisyon nan  lang kreyòl la tout popilasyon ayisyèn nan pale a.

Anfen genyen anpil emisyon kote yon moun pa kapab di se ni kreyòl, ni fransè y ap pale. Yon veritab tout voum se do kote prezantatè a brase fonoloji, sentaks, semantik kreyòl ak fransè nan yon veritab bonm tchaka lengwistik, san respè pou popilasyon k ap koute li a, san respè pou tèt li, san respè pou medya kote l ap travay la.

Gen kèk fwa yon moun ta ka gen enpresyon nan tèt prezantatè sa yo, depi se pa an fransè, jan li ye li bon. Osinon, menm si swadizan se an kreyòl y ap fè emisyon an, men fòk yo pale yon fason ki ta plis pre lang fransè a nan mezi sa posib.

Malerezman, lang kreyòl pa yon lang bouch prenti, menm jan ak lang espanyòl pa egzanp. Li gen règ pa li ki pa menm ak fransè. Si yon prezantatè twouve li oblije pale bouch prenti pou li ka selèb, li petèt ta pi bon pou li ta genyen yon emisyon an fransè, paske lang fransè a chaje son bouch prenti yo, kontrèman ak kreyòl epi espanyòl.

Nan ekri tou, anpil gwo medya, sitou medya tradisyonèl yo, se an fransè yo ekri. Men avèk devlopman rezo sosyal yo, anpil medya itilize entènèt pou yo bay enfòmasyon. Men si yon medya ap sèvi ak lang kreyòl nan espas piblik la, li nòmal pou li metrize sistèm òtograf ofisyèl la pou li ekri kreyòl la kòrèkteman. Li pa kapab kòm se kreyòl jan li ye li bon.

Lang kreyòl pa yon lang drive. Lang kreyòl pa yon lang siye pye. Lè ou itilize li pandan w ap respekte tout règ li yo, sa montre ou respekte lang nan ansanm ak 12 milyon moun ki pale li yo.

Lang nan se pou nou tout. Se li ki fè nou kapab kominike. Li gen règ li nou dwe respekte. Tout lang gen règ yo. Se sa ki fè moun ki pale li yo, youn konprann lòt.

Pa egzanp si n ap pale fransè, nou kapab di fraz sa a : « Le pays est malade.» Men nou pa fouti di : «*Pays le est malade.» Paske règ fransè a di se avan non an pou nou mete detèminan an. Si nou pa fè sa, se pa fransè n ap pale. Men kan nou vire nan kreyòl, règ la chanje. N ap di : «Peyi a malad.» La a se apre non an nou mete detèminan an.

Konsa an fransè, nou kapab di : «Quand je suis arrivé au bureau du commissaire…» / «Quand il est arrivé à la frontière…» / «L’aéroport reprend ses activités.» / « Il donne le ballon au joueur.»

An kreyòl n ap di : «Lè mwen rive nan biwo komisè a…» / «Lè li rive sou fwontyè a…» / «Ayewopò a reprann aktivite li.» / «Li bay jwè a balon an.»

Men si nou di : «*Lè mwen rive nan buwo komisèrr la…» ; «Lè mwen rive sou fwontyèrr la…» ; «Aéropòrr la repran aktivite li/ Li bay balon an ak jweurr (jwaw) la»,  lè sa a nou pa pale ni fransè ni kreyòl. Men sa ki pi grav, se lè nou ta konsyan nou p ap vyole règ lang fransè paske nan tèt nou, se pa fransè n ap pale. Men si nou di tèt nou se kreyòl n ap pale, jan nou lage l li bon, se yon mank respè pou lang sa a ak tout moun ki pale li yo.

An nou retounen sou konstriksyon sa a : «*Li bay balon an ak jweurr la.» Se yon fraz nou tande pandan retransmisyon final ligdèchanpyon samdi 1e jen an ant Reyal Madrid ak Dòtmonn. Nou tande tou : «*Se Čeferin k ap remèt meday yo ak jweurr yo. Avan sa nou te li : *Yo rann yon bèl omaj ak moun ki te mouri yo. (Nou jis kenbe estrikti fraz sa a men nou pa site non sijè yo). La a yo sèlman pran sentaks fransè a ki diferan ak pa kreyòl la nan ka vèb bay, remèt, rann san respekte fason lang kreyòl la ranje mo yo nan fraz.

Nan chak ka sa yo, yon moun ki pale kreyòl sèlman ta ka mande tèt li : «Ki moun moun ki te gen balon an ansanm ak jwè a bay balon an? Bay kilès Čeferin ak jwè yo ap remèt meday yo? Bay kilès yo ak moun ki te mouri yo ap rann omaj la? Ebyen moun yo pa te mouri vre ! Si yo te mouri kijan yo fè ap rann omaj?

Paske nan lang kreyòl, vèb sa yo, ak kèk lòt ankò konstwi ak 2 konpleman dirèk, kontrèman ak jan sa ye an fransè. Lè nou konstwi fraz yo daprè sentaks fransè a san respè pou lang kreyòl la ki gen pwòp sentaks pa li, sa bay moun ki pale kreyòl sèlman yo pwoblèm, san nou pa rann nou kont.

Fraz sa yo an kreyòl ta dwe : «Li bay jwè a balon an.» / «Se Čeferin k ap remèt jwè yo meday yo.» / « Yo rann moun ki te mouri yo yon bèl omaj»

Se menm bagay pou mande, di, ekri, eks. «N ap mande gouvènman an pou li bay popilasyon an sekirite.» Men se pa : « N ap mande ak gouvènman an pou li bay sekirite ak popilasyon an

Menm jan ak ekriven k ap ekri liv tankou woman, pwezi, eks., pwofesyonèl enfòmasyon yo ta dwe aprann metrize fonksyònman lang y ap itilize a pou yo kapab efikas nan travay yo. Li mande pou pwofesyonèl sa yo pran konsyans genyen yon efò ki pou fèt nan sans respè lang kreyòl la ansanm ak tout moun ki pale li yo.

Enfòme nan yon lang ou pa metrize osinon ou pa renmen ta sanble ak travay bwote dlo nan panye wozo.

Description de l'image