Èske popilasyon an sonje Premye Minis Garry Conille ?

Premye Minis Garry Conille

Ayiti se yon peyi abandone. Dirijan yo la, se kòmsi yo pa te la. Yo pa la, se kònsi yo te la. Okenn diferans.

Alòske peyi a ap fè fas ak tout kalte tribilasyon, gang ap kontinye fè va sou popilasyon an apre yo fin touye 109 moun nan Ponsonde epi blese plizyè dizèn lòt, alòske Repiblik Dominikèn ap foule dwa konpatriyòt ayisyen yo anba pye, pimpe yo tounen pa pil chak jou, alòske mwatye popilasyon an ap mouri grangou, san konte pwoblèm lasante, pwoblèm edikasyon, pwoblèm enfrastrikti, eks, Premye Minis peyi a, Doktè Garry Conille an vwayaj depi yon semèn.

Pou majorite popilasyon an, petèt yo pa menm konsyan si Premye Minis la pa nan peyi a. Petèt yo pa menm konsyan si peyi a gen moun k ap dirije li. Sa ki plis konsène yo, se goumen y ap goumen chak jou Bondye mete anba move lavi, kouri pou gang ak zam. Yo konnen yo se yon pèp san sekou, ki pa gen ni rele, ni reponn.

Pou sa k ap pase Ayiti a, dirijan yo ta dwe an premye liy nan batay popilasyon an pou chèche solisyon, men ta sanble nan tèt dirijan yo, petèt se sa li ye vre, solisyon pwoblèm Ayiti yo se pa nan peyi a yo ye.

Semèn sa a, gen yon gwo siklòn (Milton) yo te anonse ki te dwe frape Florida. Prezidan ameriken an, Joe Biden, ki te dwe vwayaje pou ale an Almay ak Angola deside ranvwaye deplasman sa a, paske antanke Prezidan, li te oblije la pou reponn nan danje ki te menase yon pati nan popilasyon l ap dirije a. Epoutan, Etazini se youn nan peyi ki gen plis enfrastrikti, ki plis prepare nan lemonn pou fè fas ak tout kalte menas. Siklòn nan pa te ko pase. Pèsonn pa te ko wè dega yo. Men kòm yo te anonse li, Prezidan an te oblije rete la pou kowòdone repons gouvènman federal la. Yon dirijan respondab pa vire kite pèp li nan danje. Li afwonte l avè li.

Men apre sa ki pase Ponsonde a, mete sou pil lòt menas ki pandye sou tèt popilasyon an chak jou, li difisil pou konprann Chèf gouvènman an ki ta dwe an premye liy ap kowòdone repons yo, li pa nan peyi a depi yon semèn.

109 moun mouri nan zak babari kriminèl. Fwa sa a sanble otorite yo jennen dekrete dèy nasyonal. Pa menm yon ti moman rekèyman. Petèt yo konsyan se fòt yo ki fè tout bagay sa yo ap rive. Kisa lavi moun reprezante nan peyi isi nan je otorite yo ?

Gade sa Repiblik Dominikèn ap fè Ayisyen men Mesye Leslie Voltaire pa ka pale twò fò paske depi li ta gen yon ti tèt fè mal, se an Repiblik Dominikèn pou l al pran yon ibipwofèn. Pèp la li menm ki pa ka fè yon pa kita yon pa nago, sèl Lopital Jeneral li te genyen, bandi fèmen li depi konbyen mwa. Okenn otorite pa ka di anyen sou sa.

Kisa yon otirite ki pa kapab bay pèp li manje itil ? Ki itilite yon otirite ki pa kapab pwoteje pèp li, garanti dwa fondamantal li tankou dwa pou jwenn edikasyon, dwa pou jwenn lasante, dwa pou sikile libelibè, menm dwa pou gen lavi ?

Premye Minis Garry Conille an vwayaj depi yon semèn. Èske popilasyon an sonje Premye Minis la ? Sitou, èske popilasyon an te santi premye Minis la te la, kanpe bò kote li nan tout tribilasyon li yo ? Menm lè dirijan yo pa ta kapab solisyone pwoblèm popilasyon an, yo pa kapab vre, men omwens yo ta montre li yo kanpe avè li, yo konprann li, y ap soufri avè li.

Description de l'image