Depi mitan semèn pase, anpil pawòl ap sikile sou rezo sosyal yo ki ta fè kwè otorite peyi yo ta nonmen yon nouvo Direktè Jeneral nan tèt enstitisyon Lapolis Nasyonal d Ayiti a. Plis ankò, anpil medya konfime sa. Ni medya nasyonal, ni medya entènasyonal. Genyen nan medya sa yo ki pa site okenn sous, genyen tou ki site sous anonim. Men okenn sous ofisyèl.
Menm yon enstitisyon tankou Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) soti nòt pou laprès nan dat 14 jen 2024 pou salye nominasyon yon nouvo Direktè Jeneral nan tèt lapolis la. Men lè ou ale sou paj Lapolis ak lòt paj ofisyèl yo, pa gen okenn nòt, okenn arete, ki ta fè mansyon de nominasyon yon nouvo Direktè Jeneral nan tèt lapolis la.
Sa ki pi rèd, otorite peyi yo pa fouti pa okouran tout pawòl k ap sikile sou koze sa a. Nan yon moman kote ensekirite tout kalte ap fè popilasyon an monte maswife, kote li ta bezwen konnen fòs polis la kanpe djanm ak yon bon kòmandan nan tèt li pou ta ba li konfyans, gouvènman an pa ni konfime ni demanti pawòl nominasyon nouvo Direktè Jeneral Lapolis la.
Biwo Komimikasyon Primati a pibliye yon kominike men longè nan lang ki pa lang pèp la sou paj facebook primati a nan dat 16 jen 2024 pou li enfòme piblik la an jeneral ak laprès an patikilye sou aktivite yo di Premye Minis la te fè pandan semèn ki pase a, okenn kote nan kominike sa a, yo pa pale de yon nominasyon Direktè Jeneral Lapolis ki ta fèt, ni yo pa demanti li.
Poukisa yon enfòmasyon ki tèlman enpòtan konsa pou peyi a ta oblije ap kache ? Osinon, poukisa otorite yo pa konfime oswa demanti rimè yo?
Lapolis Nasyonal d Ayiti se pou pèp ayisyen an li ye. Menm si depi li fonde politisyen toujou detounen li nan sans enterè pa yo, wòl li se sèvi popilasyon ayisyèn nan. Misyon li se pwoteje ak sèvi popilasyon an. Nan moman n ap ekri atik sa a, nou pa kapab konfime kilès k ap kòmande Lapolis la. Èske se menm Direktè ki te la a ki toujou la osinon èske se yon nouvo ansyen Direktè, oswa tou si se yon nouvo nouvo Direktè ?
Nouvo otorite peyi yo prezan anpil sou rezo sosyal yo, sa ki ta montre yo anvi kominike ak popilasyon an. Pou sa ki konsène Lapolis Nasyonal d Ayiti a, popilasyon an bezwen konnen kilès k ap kòmande li. Repons la nan men otorite ofisyèl yo.
