Èske Chinwa pale chinwa menm jan Ayisyen pale kreyòl ?

Fyète Kreyòl Enfo
© Chine Nouvelle (Xinhua) - Meng Dingwei,Wang Song

Egzamen ki fèt chak ane pou antre nan inivèsitè nan peyi Lachin te kòmanse vandredi 7 jen an. Ane sa a se 13,5 milyon kandida ki pase egzamen sa yo nan 8 000 sant egzamen nan tout peyi a. Pou anpeche kandida yo kopye, otorite yo ranfòse sekirite a ane a, epi yo mande sant egzamen yo pou yo mete kandida yo nan yon bon anviwònman. Yo mande pou amelyore sèvis transpò yo, manje y ap bay kandida yo, swen medikal ak kontwòl moun k ap fè bri. Yo fè efò tou pou yo pran an chaj 11 000 kandida ki gen andikap.

Men youn nan bagay ki kapab etone anpil Ayisyen, se lè yo tande premye jou egzamen an, kandida yo te dwe konpoze nan lang chinwa ak matematik. Kijan nan lang chinwa a? Ou kwè se Chinwa yo ye yo pale chinwa deja? Poukisa yon egzamen nan lang yo pou yo rantre nan inivèsitè a?

Se yon sitiyasyon kèk pwofesè kreyòl an Ayiti konn rankontre lè y ap eseye motive elèv yo. Pou jistifye rezon ki fè li konn pa enterese twòp nan kou a, elèv la konn di : «Mwen pale kreyòl deja.».

Kòm sosyete a mete nan tèt elèv la lang li pa enpòtan, li p ap bezwen li pou li pase konkou pou rantre nan inivèsitè, alewè pou li ta sèvi ak li nan lavi pwofesyonèl li, lè konsa li tou rate okazyon pou li metrize zouti sa a kòm yon zouti komimikasyon efikas ki t ap ba li yon avantaj sou lòt moun nan kèlkeswa domèn l ap evolye a.

Men lang yon moun, non sèlman se zouti li itilize pou li pèfòman nan kèlkeswa sektè li ye a, men lang nan se idantite li, lang nan se li menm menm. Yon peyi ki pa bay lang li valè p ap janm devlope.

Jodi a Lachin se youn nan peyi ki plis avanse nan lemonn nan tout domèn. Youn nan rezon ki fè sa, yo bay kilti yo, istwa yo, lang yo valè. Si Ayisyen ta vle soti nan sitiyasyon mizerab yo ye a, pou lòt pèp respekte yo, se yon bon egzanp yo ta ka suiv.

Description de l'image