Erè pou nou evite lè n ap ekri kreyòl

Fyète Kreyòl Enfo Tag

Anpil moun fè kèk erè yo te kapab evite byen fasil lè y ap ekri kreyòl. Fyète Kreyòl Enfo ki kwè se yon bagay nòmal pou tout moun ekri lang matènèl yo kòrèkteman vin pote pou nou kèk konsèy sou jan pou nou ekri.

Egzanp n ap pran jodi a se youn ki te tonbe anba je nou jou 18 me ki te fèt drapo nasyonal la. Moun nan ekri :

Drapom se fyètem

Poukisa gen 2 gwo erè nan jan fraz ekri sa a nenpòt Ayisyen ta kapab evite byen fasil?

Daprè youn nan prensip òtograf  kreyòl la, 2 mo pa kapab ekri kole. Tout Ayisyen konnen mo drapo, mo fyète. Men Drapom, fyètem, mo sa yo pa genyen yo an kreyòl. Fraz la moun nan ekri a se :

Drapo mwen se fyète mwen.

Nan kontèks sa a, mo mwen an kontrakte ni apre mo drapo, ni apre mo fyète. Li tounen «m». Men li toujou rete yon mo pou kont li, menm jan ak drapo, menm jan ak fyète. Li pa vin fòme yon nouvo mo ak drapo ni tou ak fyète nou ta kapab mete nan diksyonè (drapom, fyètem). M nan se yon mak posesyon ki di pou kilès drapo a ak fyète a ye. Tankou si nou te di drapo Jan (drapo li / drapo l). Se menm jan pou zanmi mwen (zanmi m), frè mwen (frè m), cheri mwen (cheri m).

Lang kreyòl mwen se fyète m, mwen dwe ekri l byen.

Fyète Kreyòl Enfo espere atik sa a te itil nou, li pwomèt pou li retounen nan yon ti tan tou kout pou trete lòt ka ki gen rapò ak jan yo sèvi ak lang kreyòl nan espas piblik la, ni nan pale, ni nan ekri.

Description de l'image