Nan kad demach pou relouvri Lopital Jeneral, pi gran sant ospitalye nan peyi a ki fèmen depi plizyè mwa akoz vyolans gang ame yo, Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Duckenson Lorthe Bléma, te prezide yon rankont enpòtan avèk prensipal responsab Lopital la, espesyalman chèf yo ak medsen sèvis yo, jou lendi 23 desanm 2024 la.
Objektif rankont sa a se te pou diskite sou preparasyon k ap fèt pou Lopital Jeneral la kapab relouvri pou bay popilasyon an sèvis kòmsadwa.

Pandan rankont sa a, Minis Duckenson Lorthe Bléma te tou pwofite enstale ofisyèlman Doktè Prince Pierre Sonson kòm nouvo Direktè Egzekitif Lopital Jeneral la.
Nan entèvansyon li, Doktè Prince Pierre Sonson di li konte sou tout moun ki te la avan li yo, sou kòlèg nan jenerasyon li yo ak sou jèn pwofesyonèl lasante yo pou pèmèt pi gran lopital nan peyj a kapab ranpli misyon li kòmsadwa.

N ap raple Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Duckenson Lorthe Bléma, te deklare sou Radyo Caraïbes FM li t ap relouvri Lopital Jeneral kòm kado nwèl pou popilasyon an, apre yo te fin relouvri Lopital Matènite Isaïe Jeanty yo konnen sou non Lopital Chansrèl nan dat 2 desanm 2024 la.

