Polis Nasyonal d Ayiti (PNA) fè konnen genyen yon nouvo Direktè ki enstale nan tèt direksyon depatmantal polis la nan Grandans.
Sou lòd Kòmandan an chèf PNA a, Komisè divizyonè Frantz Saint-Armand enstale kòm nouvo Direktè depatmantal polis la nan Grandans, jou mèkredi 15 me 2014 la.
Nouvo Direktè a ranplase Komisè Divizyonè Louis Edner Hyacinthe nan pòs sa a.
Se Komisè Divizyonè Daniel Compère ki se Direktè Depatmantal Sid polis la ki te dirije enstalasyon nouvo Direktè a
