Enspektè Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), Vladimir Paraison pran yon bal nan pye apre midi 27 fevriye 2025 la, daprè sa plizyè medya rapòte, pami yo jounal Le Nouvelliste.
Aksyon sa a pase nan kad repons fòs lòd yo t ap eseye bay gwoup gang ame yo ki fè yon poteboure sou Komisarya Pòtoprens sou Channmas la.
Enspektè Jeneral Vladimir Paraison se chèf sekirite palè nasyonal. Pou kounye a, l ap resevwa swen ka li merite, pandan polisye yo kontinye ap eseye kenbe tèt ak gang yo ki deside wete mete se lalwa tèrè yo ki pou renye nan kapital la.
