Nan yon kominike pou laprès nan dat 8 desanm 2024 la, Biwo Komimikasyon Primati a enfòme popilasyon an genyen yon reyinyon yo di ki enpòtan ki dewoule nan Viladakèy ant Manm Konsèy Tranzisyon an ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé.
Rankont sa a Biwo Komimikasyon Primati a kalifye de rankont wo nivo te fèt sou de gwo objektif ki se :
1. Idantifye bon jan solisyon pou sitiyasyon ensekirite tèt chaje k ap brase bil popilasyon an.
2. Ranfòse rapò ant enstitisyon yo nan pouvwa egzekitif la pou tranzisyon an kapab reyisi.
Biwo Komimikasyon Primati a fè konnen pi lwen rankont sa a montre de branch pouvwa egzekitif la gen bon volonte pou travay ansanm nan enterè peyi a, an menm tan li montre yo gen angajman pou gen pi bon amoni nan zak gouvènman an ap poze pou tranzisyon an kapab gen estabilite epi pou li reyisi.
Anfen kominike a fè konnen gouvènman an mande pou tout moun mete tèt ansanm epi pou yo fè solidarite nan moman espesyal sa yo nan lavi nasyon an.
Sa fè lontan gang ak zam ap bay Leta defi nan peyi a kote yo vle enpoze lwa yo. Popilasyon an lage de bra pandye nan lari san sekou, san pèsonn pou pwoteje li. Dirijan yo menm ap fè reyinyon sou reyinyon men pèsonn pa janm wè rezilta reyinyon sa yo pote pou amelyore sitiyasyon an. Okontrè chak jou ki pase gang yo ap pouse do Leta fè bak pi plis epi popilasyon an pa janm sispann pase mati.

