Ensekirite avèg jeneralize ki achte peyi a lajan kontan nan men yon Leta mansousyan depi twò lontan sanble vle pran yon lòt fòm ki charye kè sote, pou jan l ap simaye dlo nan je nan popilasyon an. Grenn bal mawon ap flannen tout kote pou keyi lavi ki anvi fleri malgre move tan.
Tankou min antipèsonèl nan peyi ki gen lagè, bal mawon danje epi trèt. Li kapab touye fay minit sanzatann. Yon moun pa ka mawon pou bal mawon. Pèsonn pa konn kote l ap soti ni kilè l ap pwente pou fè dega, simen dèy ak dezolasyon.
Pami ka ki pi fre yo, jedi 6 fevriye 2025 la se te Marvencia Blemyr, yon elèv Lise Fritz Pierre-Louis, ki te nan yon sèvis nan legliz li, ki pèdi lavi li ki te apèn ap fleri. Lendi 11 fevriye, se etidyan Sant Etid Diplomatik ak Entènasyonal (CEDI), Massénat Lebelt, ki te chita nan sal klas li ap suiv kou, ki pèdi lavi li tou. Menm lendi 11 fevriye a, yon elèv Enstitisyon Saint-Louis de Gonzague resevwa yon bal tou nan lekòl li, chans pou li lavi li pa an danje, daprè premye enfòmasyon yo.
Ayisyen gen abitid di moun fè atansyon, pridans, sitou lè moun nan ap soti nan lari. Men fas ak sitiyasyon sa a, kisa yon moun kapab fè ? Lari a chaje danje tout kote. Men yon etidyan ki andedan sal klas li ap suiv kou ta dwe santi li an sekirite.
Kòm olye pwoblèm ensekirite a rezoud se adapte tout moun ap eseye adapte yo, tankou 9 prezidan ki abandone palè masyonal pou y al refijye nan Viladakèy, tribinal, ministè ak lòt biwo Leta ki fèmen, petèt yo ta dwe kòmanse reflechi sou jan y ap konstwi batiman enstitisyon fòmasyon yo, pou yo pa ta kite gwo fenèt byen laj pa egzanp pou grenn bal mawon pa ta jwenn twòp antre ak fasilite.
Sitiyasyon ensekirite avèg jeneralize sa a mete twòp dlo nan je manman ak papa pitit. Li koupe twòp pwomès lavi nan flè. Men malgre bèl diskou, bèl pwomès, bèl foto, don materyèl, fòs etranje, otorite yo pa rive pi lwen pase renouvle volonte yo pa sispann klewonnen yo genyen pou fè lapè retounen nan peyi a. Se vre se lapè ki pou ta retounen. Si se pa sa, kijan yon moun kapab rive mawon pou bal mawon pa jwenn ou ?
