Ensekirite : De ofisye Lapolis tonbe anba bal bandi sou wout Ayewopò

De ofisye nan Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) tonbe anba bal bandi mèkredi 9 avril 2025 la sou wout Ayewopò Pòtoprens, nan zòn DHL.

Polisye sa yo se JOSE Rony ak Silmon Job ki se Enspektè ak Fòmatè nan Inite Depatmantal Mentyen Lòd (UDMO) ki te al pantan sou bandi ki t ap eseye fè yon kidnapin, epi andi yo tou louvri kout zam sou yo nan machin yo.

Ofisye yo te soti blese grav nan evènman malere sa a. Malerezman yo pa rive chape apre yo te fin kouri avè yo lopital pou al pran swen ka yo te nesesite. 

Kanta pou moun bandi yo t ap eseye kidnape a, PNH fè konnen li te rive chape poul li.

Description de l'image
Kite yon kòmantè