Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te al rankontre Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), Mesye Rameau Normil ak Wo kòmandman PNH la jedi 30 janvye 2025 la pou li bay yon mesaj klè kote li mande pou Lapolis la fè bandi yo sispann anmède moun. Chèf gouvènman an te gen avèk li nan okazyon sa a Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Mèt Patrick Pélissier, Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal yo, Mesye Paul Antoine Bien-aimé, Sekretè d Eta Sekirite Piblik la, Mesye Mario Andresol.
Daprè yon kominike pou laprès, Primati a fè konnen reyinyon sa a ki te reyini pi gwo otorite Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN), se yon demonstrasyon ki di fòk yo jwenn bout ensekirite sa a. Sa montre Leta sou batay epi l ap fè tout sa li dwe fè pou retabli lapè ak otorite Leta nan tout peyi a.
Rankont la te chita sou pi gwo priyorite pou gouvènman an ki se garanti sekirite pèp ayisyen an. Otorite fè konnen Leta p ap fè bak. Epi fòk fòs lòd yo reprann konfyans nan linite pou yo mete bandi yo nan wòl yo pou yo sispann anmède moun.
Yo fè konnen bandi yo fè twòp poteboure pandan twò lontan kont sitwayen yo. Gen twòp fanmi ki pèdi pitit yo, ki pèdi yon paran, yon pwòch babari bèt sovaj ki gen figi moun yo pote ale. Gen twòp fanm yo vyole, twòp travayè ki pa kapab mennen aktivite yo nan kè poze. Yo fè konnen twòp se twòp, Leta leve li frape pye l atè epi se Leta k ap ranpòte laviktwa.
Kominike a presize gen gwo desizyon ki pran nan fen rankont la pou fè van an vire, pou bay bandi kriminèl yo monnen pyès yo epi reprann kontwòl zòn ki anba vyolans yo. Fòs lòd yo pral resevwa mwayen yo bezwen pou mache pran gang ame yo, kraze baz yo epi fè yo rete trankil.
Otorite yo fè konnen se lòt kan an ki pou pè atò. Se pa kè popilasyon an ki pou ap sote men se kè sa yo ki chwazi pou yo fè zak kriminèl yo. Twòp se twòp nan kesyon ensekirite a !

Nan sans sa a, gouvènman an anonse gwo gwo ranfòsman operasyon sekirite yo, pandan y ap sible baz gang yo. Y ap mete plis efektif epi y ap ranfòse travay ansanm ant PNH ak Fòs Lame d Ayiti. Yo fè konnen yo pral frape fò san pran souf epi yo p ap egzante okenn kriminèl.
Pandan li renouvle angajman san fay li pou retabli sekirite ak Leta ki chita sou lalwa, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé mande pou tout moun fè inite pou viktwa a kapab total. Li fè konnen misyon li se fini ak reny kriminèl yo e l ap fè sa ak fòs ak otorite Leta.
