Eliminatwa Mondyal 2026 : Messi esploze Bolivi, Brezil kenbe tèt li

KF: Selección argentina sou X

Nan kad 10èm joune eliminatwa Mondyal 2026 zòn Amsid la, gwo pwa lou nan rejyon sa a pa te nan demi mezi menm ak advesè yo. Se yon woulo konpresè Ajantin pase sou Bolivi alòske Brezil t ap montre Pewou po piman ak grenn nan sa ki pi pike.

Toudabò, Lionel Messi fè yon festival nan Estadio Mâs Monumental  lakay Ajanten yo nan Bwenozè lè li make yon triple epi delivre 2 pas gòl pou pèmèt Albiceleste a kale Bolivi 6 gòl a 0. Viktwa sa a efase move eksperyans nil 1 a 1 pwoteje Lionel Scaloni yo te fè nan dènye match yo kont Venezyela sou yon tèren ki te plis sanble yon pisin kote balon an pa te ka woule.

A 37 an, Lionel Messi pa sispann etone monn foutbòl la epi fè kè fanatik li yo kontan. Se li menm ki te louvri eskò a nan 19èm minit make nan apre li te rekipere yon balon sou yon erè defans Bolivi a. Apre sa li ta pral make 2 lòt gòl kou sou kou nan 84èm ak 86èm minit. Pandan tan sa a, li te gentan ofri  2 pas gòl, youn bay Lautaro Martinez nan 43èm minit epi lòt la bay Julian Alvarez (45+3′). Lòt gòl Ajantin nan, se Thiago Almada ki te make li nan 69èm minit sou yon pas Nauel Molina.

Avèk viktwa sa a, Ajantin ranfòse pozisyon lidè li nan gwoup eliminatwa zòn Amsid la epi l ap pwoche dousman men siman bò kalifikasyon li pou l al defann tit chanpyon li an 2026.

Yon lòt kote, lòt gwo towo nan zòn nan nan kesyon foutbòl, Brezil, li pase men sou vant Pewou 4 a 0 pou li konfime l ap reprann fòs li apre viktwa 2 a 1 kont Chili nan 9èm joune a. Bèl viktwa sa a Brezilyen yo fè sou Pewou a, se yon avètisman ki voye bay tout ekip nan zòn nan pou di atansyon ak yon lyon k ap dòmi. Se vre Seleçao a te nan yon move pas depi kèk tan kote li t ap mòde lage pou fè viktwa epi ranpòte tit. Men 2 viktwa kou sou sou sa yo vin remonte moral ekip la, an menm tan li pote lajwa ak lespwa nan kè fanatik yo.

Moun ki te make pou Brezil se Raphinha (38′, 54) sou penalite, A. Pereira (71′) epi Luis Henrique (74′), li menm ki deja enskri gòl viktwa kont Chili nan dènye joune a.

Apre 10èm joune sa a, Ajantin toujou an tèt avèk 22 pwen, dèyè li se Kolonbi avèk 19 pwen epi Irigwe avèk 16 pwen. Brezil 4èm avèk menm kantite pwen ak Irigwe. Nan ke kamyonèt la nou jwenn Pewou avandènye avèk 6 pwen epi Chili bon dènye avèk 5 pwen.

Description de l'image