Yon ti kras pi bonè avan Brezil t al toke kòn li ak Chili nan kad eliminatwa zòn Amsid pou Mondyal 2026 la, Ajantin ta pral fè match nil (1 – 1) lakay Venezyela nan sa ki te plis sanble yon match watèpolo pase yon match foutbòl, tèlman tèren an te gen dlo. Match sa a te menm kòmanse 30 mn an reta akoz gwo lapli ki t ap tonbe nan Karakas.
Kanta Brezil, li te an deplasman lakay Chili nan kad 9èm joune eliminatwa sa yo. Si Brezil rive finalman mete do Chili atè, se apre anpil tranble ak kè sote pou fanatik jòn e vè yo.
Se depi nan 2èm minit Chili te rive keyi Seleçao a tou vèt ak yon gòl Edu te make alòske Brezil pa te ko menm rann li kont si boul la te gentan santre. Se jis nan fen mitan an Brezil te reyisi di Chili : Ou zoum pou mwen, m ap zoum pou ou tou. E se gras ak yon kout tèt Igor Jesus (45+1′) Seleçao a ta pral reyisi rantre nan vestyè a avèk eskò nil 1 a 1 an.
Men etandone klasman Brezil nan eliminatwa sa yo ki pa manke ap fè kè fanatik li yo sote pou yo ta wè gran Brezil yo a ta rate mondyal 2026 la, tout pwen enpòtan. Se konsa Brezil ta pral pouse pou li te kapab monte sou do ekip ki avan dènye nan klasman an. Malgre tout atak, yo te oblije tann fen match la pou yo te make gòl viktwa gras ak yon travay estrawòdinè Luis Henrique ki voye 2 defansè al chita avèk yon sipèb kwochè, avan li dekwoche yon sipèb frap k al dodomeya nan filè gadyen Chili a.
Gras ak viktwa sa a, Brezil monte nan 4èm plas klasman an avèk 13 pwen, epi li kòmanse mete tèt li an sekirite pou kalifikasyon li apre 9 joune. Men wout la long toujou.
Ajantin toujou domine eliminatwa sa yo nan zòn Amsid la avèk 19 pwen. Dèyè Ajantin, genyen Kolonbi avèk 16 pwen epi Irigwe avèk 15 pwen, avèk yon match an mwens. Kanta Chili, li toujou 9èm avèk 5 pwen, devan Pewou, 10èm epi dènye avèk 3 pwen.

