Vizaj Eliana Thélémaque anvayi Rezo sosyal yo, l ap poze otorite Ayiti yo kesyon, pandan y ap pare pou al danse kanaval, sou san popilasyon an k ap koule. L ap mande : Kijan nou kapab fèmen je nou pou nou pa wè ? Kijan nou kapab bouche zòrèy nou pou nou pa tande ? Kijan nou te fè konnen epi nou kite sa rive ? Kijan apre sa fin rive nou tout rete la ap paweze kòmkwa pa gen pèsonn ki te responsab ? Kote nou jwenn fyèl sa a pou nou kwaze bra nou epi kite sa fèk kare rive toujou ?
Eliana Thélémaque se non manman sa a ki mouri nan lannuit 14 pou louvri 15 fevriye, anba chagren, anba yon doulè atwòs li pa te kapab sipòtè ankò, apre bandi te lage pitit li, yon ti bebe 2 mwa, nan flanm dife nan komin Kenskòf. Anba fènwa ki te anvayi lavi jèn dam sa a ki t ap bouske yon reyon limyè, yon reyon lespwa nan yon peyi kote solèy derefize leve, li travèse ale jwenn pitit li. Petèt nanm li va jwenn repo lòtbò rivyè a, petèt granmèt la va esplike li poukisa pa gen sekou pou malere nan peyi isi, poukisa atwosite sa yo kapab posib.

Se pou nanm Eliana Thélémaque ak tout nanm ti lezanj li a rantre nan limyè. Se petèt de zanj ki te vin vizite nou. Men nou pa diy pou yo te rete nan mitan nou.
Pandan n ap ekri tèks sa a, genyen anpil SOS k ap lanse toujou pou komin Kenskòf ki fè kwè bandi yo fè yon poteboure ankò dimanch maten 16 fevriye a kote y ap ratibwaze devan dèyè.
