Nan yon nòt li voye bay aktè politik yo ak sosyete sivil la nan dat 30 oktòb 2025, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) enfòme popilasyon an an jeneral, pati politik yo ak òganizasyon sosyete sivil la an patikilye pwojè dekrè elektoral ki pral reglemante pwochen eleksyon yo deja disponib.
Nan sousi pou li pa kite pèsonn sou kote epi pou li fè afè li klè, KEP a envite aktè politik yo ak òganizasyon sosyete sivil yo pou yo pase retire yon vèsyon enprime nan dokiman an, apati 31 oktòb 2025, soti 10 zè nan maten pou rive 5 è nan apremidi, nan lokal KEP a ki chita nan #72, Ri Stephen Archer nan Petyonvil.
Aktè politik yo ak òganizasyon sosyete sivil yo ap pase retire kopi sa a pou yo kapab bay avi yo, sijesyon yo ak/oswa rekòmandasyon yo.
Apre sa, yo dwe depoze remak ak rekòmandasyon yo nan KEP a nan menm adrès ak menm lè ki pi wo a jiska 10 novanm 2025 k ap dènye dat pou yo fè sa.
Konsèy Elektoral Pwovizwa a di li pran angajman pou li mennen yon pwosesis elektoral ki endepandan, ki klè pou tout moun, ki pa nan patipri epi ki p ap kite pèsonn sou kote.

