Madi 14 me 2024 la, Akademi Goncourt anonse loreya pou prentan 2024 la. Ekriven Ayisyen Louis-Philippe Dalembert kouwone nan kategori pwezi pou ansanm zèv li.
Louis-Philippe Dalembert fèt nan Pòtoprens 8 desanm 1962. Li se romansye, powèt, nouvelis, eseyis. Li pibliye plizyè rekèy powèm tankou : Évangile pour les miens (1982), Transhumances (2010), En marche sur la terre (2017), Cantique du balbutiement (2020). Li pibliye plizyè woman tou, pami yo, Milwaukee Blues ki te nan final Goncourt 2021 an. Li ekri an fransè ak an kreyòl ayisyen.
Se premye fwa yon ekriven ayisyen resevwa gwo pri literè sa a. Daprè sa RFI rapòte, Dalembert pa te manke esprime satisfaksyon li apre gwo distenksyon sa a. Li di li kontan anpil pou Ayiti ki se yon tè powèt. Li panse gen lòt powèt tankou Anthony Phelps, René Despestre ak anpil lòt ankò ki ta merite pri sa a, sitou Ayiti ap viv yon moman ki difisil anpil.
Pri Goncourt se yon pri literè fransè ki rekonpanse ekriven ki pale fransè. Se Edmond Goncourt ki te kreye pri sa a an 1892 nan Testaman li. Se an 1902 Sosyete Literè Goncourt yo rele Akademi Goncourt te fonde ofisyèlman. Premye pri Goncourt a te pwoklame an 1903.
