Ekri kreyòl byen : yon siy fyète pou chak Ayisyen

Nòmalman, pa ta dwe genyen okenn eskiz pou yon moun pa ta konn ekri lang matènèl li, si moun sa a te pase lekòl. Nan kèlkeswa peyi yon moun ta fèt, kèlkeswa lang li ta pale, se ta dwe premye anbasadè lang li. Sitou lang nan se youn nan pi gwo eleman idantite yon moun.

An Ayiti pa egzanp, plizyè moun gen dwa pa genyen menm kwayans relijye, yo gen dwa pa nan menm kouran politik, yo gen dwa pa renmen menm kalite mizik, yo gen dwa pa renmen menm manje, men yo pa ka pa pale menm lang.

Lang kreyòl se trèdinyon ant tout Ayisyen. Se verite sa konstitisyon 1987 la rekonèt lè li di nan atik 5 li lang kreyòl se siman ki sèmante tout Ayisyen ansanm.

Yon Ayisyen ki konnen kilès li ye, ki fyè de tèt li, li ta dwe premye anbasadè lang kreyòl kote li pase nan lemonn.

Malerezman, anpil Ayisyen ap veye pou yo pa pencheng lòt lang epi yo tou pare pou yo klouwe yon konpatriyòt yo sou lakwa pou yon ti fot pwononsiyasyon li ta fè nan yon lang tankou fransè. Men kanta pou kreyòl, se tout lajounen tout lannuit l ap pran kout dan, kout zong, kout kouto nan radyo, nan televizyon, sou rezo sosyal yo ak nan tout aktivite ki reyini detwa moun ki pase lekòl nan peyi a.

Chak jou y ap filange lang kreyòl la nan jan y ap pratike li nan espas piblik la. Men pou anpil Ayisyen, se kòmsi se pa anyen sa. Nan ekri menm, yo ekri jan yo vle. Se kòmsi tout pwofesè devwe k ap anseye kreyòl nan lekòl nan peyi a ap kòde epi moun k ap itilize lang nan nan tout espas piblik yo ap dekòde. Gen moun menm ki li nan gwo liv men ki pa jennen pou yo di yo pa ka ekri kreyòl.

Epoutan, òtograf kreyòl la chita sou seri prensip ki tèlman klè, ki tèlman senp, ki pa konplike tankou òtograf kèk lòt lang kòm fransè ak anglè, yon moun ki konn li deja ta dwe pran yon ti tan tou kout pou li metrize òyograf sa a, si sèlman li ta reyalize se yon bagay ki enpòtan pou yon moun konn ekri lang matènèl li byen.

Youn nan pretèks kèk moun konn pran, se lè yo di ou se akademi ki pa montre yo jan pou yo ekri kreyòl ki fè yo panse yo ka ekri jan yo vle. Epoutan, enstitisyon ki aprann moun li ak ekri pa rele akademi. Li rele lekòl. Epi sistèm òtograf yo sèvi pou ekri kreyòl kounye a ap sèvi nan lekòl depi nan lane 1980 sou minis edikasyon nasyonal Joseph C. Bernard. Kidonk, yon Ayisyen ki gen 30 a 40 an kounye a te sipoze aprann ekri kreyòl lekòl. Menm si se vre te gen anpil resistans nan sosyete a kont refòm Bernard a ki te mete kreyòl nan lekòl.

Nenpòt moun ki konn li ak ekri deja kapab aprann òtograf kreyòl la fasil fasil. Li pi lojik pou yon Ayisyen ta wont di li pa konn ekri kreyòl pase pou li ta ap gonfle lestomak, kòmsi se pa yon bagay ki enpòtan. Kijan pou yon moun bezwen vin prezidan, premye minis, minis, palmantè, eks. pou li pa konn ekri lang moun li bezwen dirije yo? Kijan li kapab montre li respekte popilasyon an si li pa menm ka ekri lang pèp la pale a?

Yon Ayisyen ki fyè de tèt li se yon anbasadè pou Ayiti. Kidonk se yon anbasadè pou lang kreyòl. Lòt peyi yo gen twòp moun ki pou defann yo. Lòt lang yo gen twòp moun ki pou defann yo. Ayiti se zafè Ayisyen. Kreyòl se zafè Ayisyen. Ayiti se fyète Ayisyen. Kreyòl se fyète Ayisyen. Defann kreyòl se defann Ayiti, se defann tèt nou.

Ayisyen dwe itilize kreyòl byen, kit nan ekri, kit nan pale, kit nan radyo, kit nan televizyon, kit nan laprès ekri, kit sou rezo sosyal. Jan nou trete lang nou, se jan nou trete peyi nou, se jan nou trete tèt nou.

Description de l'image