Yon gwo responsab Leta, men se menm bagay pou tout sitwayen, li dwe travay pou fè onè pèp ayisyen an, pou leve diyite chak Ayisyen ak chak Ayisyèn pou yo santi yo fyè de peyi yo, de otorite ki reprezante yo, de kilti yo, de lang yo, de pwòp tèt yo.
An Ayiti, menm si yo retire tout dwa nan men pèp ayisyen an, si gen yon bagay yo pa kapab retire nan men li se lang kreyòl la.
Lang kreyòl la se pi gwo eleman idantite pèp ayisyen an. Se ladan li tout Ayisyen reyini, kèlkeswa kwayans li, kèlkeswa nivo konesans li, kèlkeswa sa li posede. Konsa, otorite ki reprezante pèp ayisyen an reprezante lang kreyòl la. Yo pa kapab fè onè pèp ayisyen an si yo pa fè onè lang kreyòl la. Yo pa kapab respekte pèp ayisyen an si yo pa respekte lang kreyòl la.
Lè ou se gwo otorite nan Leta, Leta mete tout mwayen a dispozisyon ou pou ou fè travay ou byen. Menm si timoun nan lekòl Leta pa jwenn pwofesè, menm si malere pa jwenn lopital pou yo ale, menm si pa gen wout, menm si moun pa ka manje, Leta dwe ou tout bagay. Kòm rekonesans, li nòmal pou gwo otorite sa yo respekte lang pèp la.
Lang kreyòl la gen yon sistèm òtograf ofisyèl ki di kijan pou nou ekri li. Men tou, Leta ta dwe mete moun a dispozisyon gwo gwo otorite yo pou revize sa y ap ekri. Èske yon gwo gwo otorite gen dwa fè fot nan 2 fraz l ap pibliye?
Plis ankò, yon Prezidan se yon referans. Nan pa lontan, pral gen egzamen ofisyèl nan 9èm AF ak nan Nouvo Segondè IV. Kijan pou yo kondidere yon elèv k ap fè mòd fot sa yo? Se Prezidan an li wè ki ekri li konsa.
Èske lang kreyòl la enpòtan? Èske li merite pou tout Ayisyen, sitou otorite nan Leta yo, respekte li? Si se non, an nou (an n) revoke tout pwofesè kreyòl pou nou (pou n) al okipe lòt kesyon pito.
