Egzamen Leta : modalite enskripsyon pou kandida 9èm AF

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl envite tout responsab lekòl ranpli fòmalite pou finalize enskripsyon kandida pou egzamen 9èm ane fondamantal yo.

Konsa, li fè konnen tout direktè lekòl ta dwe pran dispozisyon sa yo : 

Premyèman, peye frè enskripsyon pou chak elèv ki pral nan egzamen 9èm AF. Montan an se 1000 goud pou chak kandida, epi pote fich pèman an nan Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) an, pou li ka otorize lekòl la finalize enskripsyon an liy la sou platfòm ministè a pou kantite kandida lekòl la peye pou yo a.

Dezyèman, responsab lekòl yo dwe valide, an liy, sou platfòm MENFP a, kantite kandida yo peye a nan lis fòmasyon klas 9èm nan.

Pou fini, yo dwe pote lis elèv ki valide yo pou lekòl la nan Direksyon depatmantal la.

Peryòd pou finalize enskripsyon kandida yo nan egzamen 9èm ane yo ap demare 22 me pou fini 14 jen 2024 la.

MENFP mande tout direktè lekòl ki konsène pou yo pran tout dispozisyon san pèdi tan pou ranpli fòmalite sa yo nan tèt kole ak Direksyon Depatmantal Edikasyon nan zòn yo.

Description de l'image