Rildy JOHN
Edikasyon an Ayiti se yon sistèm pi fò politisyen ayisyen pase anba pye lè y ap plede kreye twoub sosyopolitik ki toujou debouche sou yon pil manifestasyon nan lari ki pa janm fini. Tou pre nou la a, twoub sosyopolitik sa yo ki pa epanye pèsonn, lakoz piyaj nan lekòl epi menm boule yo nan mwa fevriye ak mas ki sot pase a. Leta ayisyen ki pa bay edikasyon anyen regle pou li li menm te rete kwaze de bra li devan dezas sa a san li pa te fè anyen pou te evite sa.
Nan sistèm edikasyon an genyen sèlman 20% anseyan ki fòme. Nan sitiyasyon twoub sosyopolitik yo, anpil nan ti pousantaj sa a ki fòme a oblije kite peyi a pou al chache lavi lòt kote. Anpil rekritman yo fè nan sistèm nan fèt yon fason anachik san respekte okenn règ ki etabli pou sa.
Jodi a genyen anviwon 20 000 lekòl nan sistèm nan, ladan yo genyen sèlman 20% lekòl piblik epi lòt 80% an se lekòl prive. Nou ta ka mande si se sektè prive a ki responsab edikasyon nan peyi a oswa si se Leta.
Epoutan, Ayiti te pote gwo kontribisyon nan fòmasyon jenerasyon 1946 rive 1960 nan peyi Kanada. Nou pa ka bliye tou kontribisyon pwofesè ayisyen nan sistèm edikasyon anpil peyi an Afrik, patikilyèman Gine nan fen ane 1950 yo.
Fòk nou souliye edikasyon pa te janm yon priyorite pou Leta ayisyen. Se byen domaj ! Si anpil sitwayen nan peyi etranje fyè de peyi yo, se gras ak yon bon jan sistèm edikasyon k ap fòme sitwayen ak sitwayèn lakay yo pou ede sosyete yo avanse.
Konstitisyon peyi d Ayiti rekonèt dwa pou tout moun jwenn bon jan edikasyon nan atik 32, 32-1 rive nan 32-10 vèsyon amande a. Pou sa rive reyalize, nou bezwen fanm ak gason kouraj, konpetan, patriyòt ki kapab mete enterè peyi a ak jenès la avan pwòp enterè pa yo.
Konsa, responsab edikasyon yo ta dwe aji nan transparans lè y ap rekrite moun nan sistèm nan, fè fòmasyon kontini pou anseyan yo, epi pèmèt yo kapab jwenn yon bon salè ak lòt avantaj sosyal pou leve nivo pwofesyon anseyan an nan peyi a.
Se tout moun ak tout sektè k ap travay nan sistèm edikasyon an, tankou direktè lekòl, enspektè, anseyan, ONG, òganis finansman, eks, ki pou ta potekole pou chanje vizaj edikasyon an nan peyi a, anba kontwòl Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl.
Pa gen okenn peyi nan lemonn ki kapab devlope san yon bon jan sistèm edikasyon. Yon jenès ki pa edike ap toujou yon gwo pwoblèm pou kèk moun ki te gen chans jwenn yon bon edikasyon nan sosyete a. Yon pèp ki pa edike pa prale okenn kote. Sa tris pou nou di sa men se yon verite. Sistèm edikasyon Ayiti plis ap fòme moun pou peyi etranje pase yo ta ap fòme yo pou devlope Ayiti. Prèske pa gen lanmou pou peyi a ankò. Tout vyolans n ap konstate chak jou yo pa lòt bagay pase rezilta move plant nou te plante depi 40 dènye ane sa yo. Èske nou wè nan ki eta peyi a ye ? Kilè n ap pran konsyans pou nou chanje sa nan mete kanpe yon lòt sistèm edikasyon ?
Se tris pou konstate majorite politisyen ayisyen yo pa vrèman gen okenn plan pou edikasyon pèp ayisyen an. Li fasil pou ou wè sa nan diskou yo. Se sa tou ki fè gen tout vyolans sa yo, tout twoub politik ki pa janm fini sa yo nan peyi a.
Ayiti dwe chanje. Nou kapab genyen yon nouvo peyi. Men pou sa fèt, fòk nou mete tout mekanis yo an plas pou nou bati yon nouvo sistèm edikasyon. Nou bezwen soti nan teyori sèlman pou nou pase nan pratik, si nou pa vle tonbe nan plis katchouboumbe nan peyi nou an chak jou. Edikasyon ta dwe resi yon priyorite pou moun k ap dirije peyi a.
Tout sosyete a dwe potekole nan konbit pou yon lòt edikasyon sa a. Kit se fanmi yo, medya yo, sosyete sivil la, kit se Leta, tout dwe jwe wòl yo kòrèkteman pou nou kapab fòme lòt kalite sitwayen k ap renmen peyi a epi k ap prepare pou sèvi sosyete a, pou pote kontribisyon yo pou Ayiti kapab vanse.
Rildy JOHN, Ekspè nan Edikasyonen, PDG JOHN R. FORMATION PLUS EN ÉDUCATION
