Yon fanm fè kò ansasinay sou yon gason nan otèl Le Flambeau nan Vètyè nan Okap madi 18 fevriye 2025 la.
Emmanuel Sylvestre se non gason sa a ki se yon antreprenè, daprè sa kèk medya rapòte, ki pase anba firè Joanne Jeune, alòske yo te nan yon rankont entim nan otèl la.
Apre zak la, Joanne Jeune sanble te vle lage pye l san bri san kont, men se gras ak vijilans anplwaye otèl la ki fè yo rive mete men sou li pou li esplike dekiprevyen li rive poze yon zak konsa.
Gen sous ki fè kwè se nan yon moman dous pou dous mesye dam yo te ye. Gen lòt sous ki fè konnen se yon zafè tranzaksyon chanje lajan ki ta mennen yo andedan an, ki ta okazyone Joanne Jeune ansasinen Emmanuel Sylvestre ak kout kouto epi fè dappiyanp sou yon kantite lajan li te gen sou li.
Annatandan ankèt vin presize vrè sikonstans dram sa a, Joanne Jeune sou kont otorite polisyè yo ap reflechi sou zak li komèt la.
