Doktè Johnny Alex Laforêt : Lang kreyòl la se nannan kilti ayisyen an !

Doktè Johnny Alex Laforêt

Pawòl la di pwomès se dèt. Jan nou te pwomèt li, Fyète Kreyòl Enfo pote dezyèm pati entèvyou avèk Doktè Johnny Alex Laforêt, Pwofesè nan Inivèsite  Princeton nan peyi Etazini an pou nou. Mezanmi, men suit koze a. Koze a sanble pi enteresan toujou. Men nou pa bezwen fè tankou nonm nan ki te mande lòt la kijan fè li kite pi bon diven an pou li bay li an apre lè tout moun fin soule. Se pa paske diven an pa soti nan menm tono, men sanble se yon prensip, lè bagay la ap fini, se lè a li pi bon. Ebyen, pran ti chèz ba nou, pran yon gòdèt kafe, vin ranmase koze ki kapab ede nou rantre nan demen ak lespwa.

FKE : Doktè Laforêt, w ap pale nou de kalite angouman ki genyen pou yon kou kreyòl nan youn nan pi gwo inivèsite nan lemonn, epoutan jiska prezan, nan kèk lekòl an Ayiti, yo entèdi elèv yo pale kreyòl, san konte yon seri moun ki rive nan gwo pòs dirijan an Ayiti men ki pa menm kapab ekri lang kreyòl la ki se lang matènèl tout Ayisyen. Kijan ou konprann fenomèn sa a ?

Doktè Johnny Alex y : Li senp. Nou pa ko sou wout devlopman. Pa gen devlopman Ayiti san pase pa lang kreyòl la. Jou m ap wè Ayiti sou wout devlopman, se nan edikasyon l ap pase. Si ou wè gen kòripsyon nan peyi a konsa, se yon pwoblèm edikason. Poukisa moun yo rann kòripsyon an se yon bagay natirèl ? Pa egzanp, kite yo ba ou yon pòs minis la a, pa chanje kay pou ou wè, pa chanje fi pou ou wè, pa konstwi yon palè kote ou te rete a pou ou wè. Apre ou fin fè katran nan pòs la, menm nèg ki te zanmi w lan ap di ou : « A Monchè ! Gade nèg la fin minis epi se nan menm ti kay la li rete la a ! Se yon pwoblèm edikasyon !

Men kijan pou nou lite kont pwoblèm edikasyon sa a ? Se nan lang pèp la. Pa gen yon jan ou kapab aprann pèp sa a soti kote li ye a an fransè. Paske sa pral pran ou tèlman anpil tan pou pèp la pale fransè a, pou pèp la aprann fransè a ki se yon lang etranjè pou anpil Ayisyen. Mwen menm, mwen pa vle pou moun pran bagay la nan sans diskisyon kreyòl kont fransè. Mwen se pwofessè fransè, se pou fransè yo anboche m nan Princeton. Men gen yon reyalite mwen pa ka fèmen je m sou li : Lang kreyòl la se nannan kilti ayisyen an.

Ou pa janm mande tèt ou poukisa nou pa janm fè yon kanaval an fransè ? Pou nou ta ap desann sou Channmas la n ap chante :  « Maintenant, on va vers Rex, oui on va vers Rex ! » Se pa posib, paske nou pa kapab esprime nanm nou, sa nou santi nan zantray nou nan lang etranjè. Se nan lang nou pou nou viv. Ebyen si se nan lang nou pou nou viv, se lang nou k ap mete nou deyò, se nan lang sa a pou nou fè edikasyon tou. 

Anpil moun di se an fransè pou nou fè li paske kreyòl la p ap mennen nou lwen. Moun sa yo se sa yo ka di. Men imajine si ou pale fransè sèlman ou vin Etazini epi ou pral lekòl. Èske ou kapab ale lekòl an fransè ? Ou pral oblije aprann anglè menm jan ak tout moun. Men lè ti Fransè a ap aprann matematik, yo pa aprann li matematik an alman ni an italyen. Yo aprann li matematik an fransè. Li gen yon efò mantal li pa bezwen fè, li pa bezwen aprann lang nan pandan l ap aprann matyè a. Tout moun konnen fransè se yon lang ki difisil pou ekri. Ti Fransè kòmanse avèk li depi matènèl epi jiska filozofi, li oblije ap aprann li. Men nou menm, kreyòl la ban nou yon posibilite an ò. Nou kapab fè timoun yo aprann matematik nan kreyòl la san yo pa bezwen fè gwo efò mantal sa a pou yo aprann fransè avan. Imajine yon moun k ap fè matematik, fizik, chimi epi done yo se an kreyòl yo te ye. Li pa t ap bezwen nan fè ti bouch li yon jan pou li pale fransè. Epi pafwa pou ou bay yon ti rezilta nan fransè a bouch ou chape ou fè yon sirèt, moun tonbe ri ou, epi sa w tande a ou tou pa nan matematik ak chimi ankò.

Epi m panse se yon foli tou. Non sèlman se yon ipokrizi men mwen kwè li rive nan yon nivo foli. Ou pa kapab fose yon pèp aprann nan lang etranje konsa. Si w te wè li te bay rezilta, ou ta di kòm depi 1804 n ap itilize fransè, n ap kontinye ladan li. Men yo di ou sou chak 100 elèv ki soti nan premye ane, pa gen 8 ki  rive nan inivèsite. Si ou gen done sa yo nan men ou, fòk ou aji sou yo. Premye pwoblèm nan se lang nan. Se vre gen lòt eleman ki bay pwoblèm tankou fòmasyon pwofesè, moun k ap ankadre elèv tankou sansè ak direktè, sa ki fè tout chèn nan bezwen manyen. Men pandan n ap manyen tout chèn nan. Fòk nou tounen nan refòm Bernard  (1) a.

Bernard se pa tafya li te bwè non. Nou menm jodi a depi yo ban nou yon ti bidjè, Inyon Ewopeyèn siyen yon ti kontra avèk nou, yon kadè nou fè yon ti kòb, nou pa wè peyi. Men pa bliye Bernard se sou Divalye li te ye, sou Bebi dòk (2). Li te gen kouraj di wout sa a n ap pran li pandan anpil anpil tan men li p ap ban nou okenn rezilta. Kote ki pou ban nou rezilta a, se fè pèp la aprann nan lang li avan, apre sa li kapab aprann nenpòt lang etranjè.

FKE : Èske gen eksperyans kote yo te eseye fè lekòl la an kreyòl selon chema Refòm Bernard a epi sa te mache ? 

JAL : Dènyèman m ap pale avèk yon kòlèg mwen, Jacques Pierre, ki nan Duke University ki di mwen genyen yon pwofesè, yon edikatris yo rele Tatiana Behrmann k ap travay nan Fondasyon Osaka. Ebyen pwofesè sa a di l ap fè kou yo an kreyòl. Li di l ap fè kou yo an kreyòl pandan premye ane yo. Paran kouri dèyè l. Paran di : « Nou pa ka vin nan kreyòl la a. » Li di paran yo ba l chans la pandan premye ane a epi y ap wè ki chanjman k ap fèt. Apre sa se paran yo k ap vin felisite li pou di jan timoun yo ap esplike yon seri konsèp syantifik nan lang nan san pwoblèm. Ebyen, ti anbriyon sa a, se wout la. Se la pou nou pase. Paske dat n ap fòme moun an fransè, epi pou elèv la rive nan filo li pa kapab kenbe yon bon konvèzasyon an fransè. 

Fòk nou ta gade tèt nou nan glas pou nou di nou fè pèp sa a anpil mechanste wi. N ap fòse pèp la aprann nan yon lang li pa konnen, se gwo mechanste wi. Èske ou imajine pou m ta rankontre ou sou wout Dèlma epi pou m ta di ou : « Bonjour professeur. Comment allez-vous ? » Se pa konsa nou viv. Nou viv an kreyòl. E puiske nou viv an kreyòl, poukisa nou pa kapab aprann an kreyòl ? Se kesyon sa a mwen bezwen yon moun reponn mwen. Yo di ou kreyòl la manke sesi, kreyòl la manke vokabilè. Ki lang ki pa gen menm istwa a. Jiska prezan, tankou domèn entèlijans atifisyèl (EA) ki fèk soti la a, èske lang yo te deja gen konsèp yo ? Te kwè se kounye a y ap kreye konsèp yo.

FKE : Pandan w ap pale konsa a, gen anpil moun ki ta vle fè konprann lang kreyòl ayisyen pa kapab esprime konesans syantifik. Kisa ou ta reponn moun sa yo ?

JAL : Sonje m di ou nou rive nan yon nivo foli. Lontan se te ipokrizi, men kounye a nou rive nan nivo foli. Foli ki pran nou an, li fè nou plede di tout bagay, tankou moun ki bwè tafya. Li fe nou di tout bagay ki pa kenbe. Kisa ki fè yon lang gen vokabilè pou dekri yon seri fenomèn ? Se paske fenomèn sa yo lakay li. Avanyè mwen fè yon eksperyans sou kesyon lanèj an kreyòl. Se sa ki fè mwen ta konseye tout moun, avan yo pale kreyòl la mal, yo ta pran yon ti tan di yo pral fè yon kou kreyòl epi y ap rasanble dokiman, pou yo ta wè ki kantite travay ki fèt deja. Mwen menm mwen gen yon bibliyotèk ki chaje ak dokiman kreyòl ki pale sou tout bagay. Pou nou tounen sou kesyon lanèj la, si ou di kreyòl la pale ou de lanèj la, de vègla, kreyòl la ap bèbè, paske reyalite sa a nou pa viv ladan li. Lang nan li menm, depi gen yon bezwen pou esprime yon reyalite, l ap fè li. Pa egzanp si nou pran mo foulay nan kreyòl, lontan, se lè nèg ap jwe foutbòl oswa li fè yon toudren epi ou di nèg sa a fè yon foulay, fòk li al pran yon masaj. Men kounye a mo foulay la chanje. Si ou di foukay kounye a fòk ou di nan ki kontèks ou di li, paske li antre nan lang nan yon lòt fason. Ou wè jan lang nan puisan. Kounye  a depi ou di moun nan se foulay l ap fè, pa gen yon Ayisyen k ap mande ou kisa ou vle di. Gen 10 zan pase, si ou te di mo foulay la, li t ap gen rapò sèlman ak yon doulè ki gen pou wè ak yon pwoblèm ou gen nan pye. Se la pou ou wè lang nan se yon bagay vivan li ye. 

Imajine valè moun k ap ekri teyori sou kreyòl. Ou ta kapab pran moun sa yo ou mande yo ekri yon diksyonè tèminolojik pou tèl domèn nan 6 mwa. Gen yon lòt bagay mwen genyen pou m ekri yon atik sou sa. Entèlijans atifisyèl sa a, se yon kado pen beni pou lang kreyòl la. Avanyè pandan m chita nan biwo mwen, mwen ta pral pale de fim Freda, paske se yon kou kreyòl m ap fè, se pa yon kou gramè men mwen menm m ap anseye Ayiti atravè lang li. Pandan mwen pral pale de fim Freda ki se yon fim Jessica Généus mwen rekòmande tout moun, mwen di fòk mwen ta kreye yon lis vokabilè an jeneral sou fim pou etidyan yo. Mwen mande ChatGPT ban mwen yon lis detaye tout konsèp ki an rapò ak sinema pou etidyan pale de fim. Nan mwens pase 5 segonn, li ban mwen yon lis prèske 200 tèm. Li tradui yo pou mwen. Apre sa mwen di kòm se machin ki fè li, kite m al gade mwen menm kòm natif lang nan kisa mwen ta chanje. Ebyen mwen jwenn mwen pa t ap chanje plis pase 30%. Sa vle di nou genyen mwayen pou nou kreye zouti paske tèm yo la deja. Èske nou chanje yon seri tèm ki itilize nan Dezafi, lakay Maurice Sixto ? Non. Ou kapab fè transkripsyon an, ou mete yo nan sistèm nan epi ou di li kreye yon lis vokabilè sou tèl domèn. L ap kreye li ba ou paske ou ba li yon chemen pou l pase. 

FKE : Èske ou vle nou konprann moun k ap di lang kreyòl la pa gen kapasite pou esprime konesans syantifik yo, se ta parès ak vye prejije ki dèyè tèt yo ki ta lakoz y ap pale konsa ?

JAL : Ou konnen kisa nou pa ko vle, nou pa ko vle devlopman. Jou nou vle pran wout devlopman, n ap konn sa pou nou fè. Mwen menm, mwen gade efikasite. Kijan pou nou konprann efikasite a ? Lè politisyen tèt bòbèch ki bezwen vòt ale nan zòn andeyò, ki lang ou tande li pale ? Lang kreyòl. Poukisa li fè li konsa puiske li pale fransè byen ? Se paske li konnen se sèl lang k ap efikas pou fè mesaj li a pase nan moman sa a se lang kreyòl la, Menm jan an tou, sèl lang k ap efikas pou m fè elèv mwen yo aprann chimi, matematik, fizik, se lang kreyòl la.

Si ou vle elèv la aprann nan anglè, nan espanyòl, nan fransè, se bagay ki gade ou. Men sa mwen bezwen ou montre m se èske yo konprann lang sa yo dabò. Mwen sonje mwen fè yon jounen ap fè yon pwoblèm fizik mwen pa ka rezoud li. Men se lè m tounen nèt nèt mwen reyalize se mo yo te mande m nan mwen te mal konprann an fransè ki fè m pa te ka jwenn rezilta a. Men si ou mete de etidyan ap pale de matematik an kreyòl, se mèvèy. Avanyè mwen gen yon pwofesè chimi zanmi mwen ki rele Jean René Thélusmond k ap pale ak mwen ki di mwen : « Johnny, ou imajine konsèp chimi sa yo m ap voye monte la a, mwen ta gen okazyon voye konsèp sa yo an kreyòl bay ti Ayisyen ? Se pa nan fè chèlbè pale fransè tilititi non. N ap fè chimi. » Gen yon pwoblèm ki rezoud nan kreyòl la moun yo pa konprann : fransè a se yon baryè li ye. Yo pa fè sosyolengwisik, yo pa fè etnolengwistik pou yo konprann fransè a se yon baryè pou anpeche ti Ayisyen an alèz. Depi ou bezwen fè etidyan an pa alèz, depi ou bzwen li fèmen bouch li, di : « Vous savez, vous devez vous exprimer en françasi pendant la durée de ce cours. » Mete kesyon senbòl la ankò epi tout moun bèbè. Men tou, suiv pou ou wè, tout diskisyon ki kòmanse an fransè an Ayiti, depi li pran chè, l ap chanje lang. Epi depi gen anje, se kreyòl, tankou si ou nan lari lapli ap tonbe ou bezwen yon taksi. Lè sa a ou pa gen tan pou ou nan fè chèlbè.

La a n ap pale de fòmasyon, n ap pale de ede yon pèp pou li avanse, n ap pale de kesyon teknoloji, n ap pale de kreye zouti teknik. La a nou pa ka nan fè chèlbè, fè literati. Lè sa a fòk nou itilize zouti ki pi nesesè, ki pi pwenti, ki pi file, ki pi solid la ki se lang kreyòl la pou nou fè devlopman peyi a. Gade pou ou wè, jou Ayiti vle pran wout devlopman, w ap wè lang kreyòl vin tounen lang peyi a, lang edikasyon, lang fòmasyon pwofesyonèl.

FKE : Men sa pa vle di ou pou yo elimine fransè ?

JAL : Se pwofesè franse wi mwen ye. Doktora m nan se an fransè mwen fè li. Ou wè zafè lang, si ou kapab aprann 20 lang, aprann yo, l ap pi bon pou ou. Mwen menm mwen pale fransè, mwen pale espanyòl, mwen pale anglè, lè m rive yon kote mwen pale lang mwen vle pa rapò ak sa m vle di. Si ou ka aprann fransè a pou ou pale li tankou kreyòl, m ap kontan pou ou. Men ti sa ki pa gen mwayen menm jan avèk ou, ki pa kapab aprann fransè a, ou pa ka bloke li nonplis. Timoun ki soti byen lwen nan peyi a, ou di li se an fransè pou l aprann. Men sèl lè li tande fransè nan klas la se nan bouch pwofesè a. Èske moun kapab aprann yon lang ki dekonekte ak reyalite ou konsa ? Pran ti Ayisyen an, mande li pale ou de sibjonktif an fransè, nan yon bat je l ap gentan ba ou tout règ sou sibjonktif. Men antre nan yon kuizin oswa nan yon twalèt avèk li epi mande li ba ou non kèk bagay an fransè pou ou wè. L ap bloke paske se pa reyalite chak jou l ap esprime nan lang sa a. Kidonk, poukisa nou pa itilize lang kreyòl la kòm pi gwo zouti nou genyen pou nou avanse ? Se paske nou pa ko vle fè edikasyon, nou pa ko vle fè devlòpman. Se paske nou pa ko vle fè peyi. Ou wè jou nou vle fè peyi, Fyète Kreyòl Enfo ap pi gwo jounal nan peyi a. Make sa m di ou la.

FKE : Nan jan sitiyasyon an ye la a, ki espwa ou genyen nan yon tan ki pa twò lwen, n ap kapab rantre nan chemen devlopman an tout bon avèk lang kreyòl la, jan ou t ap di talè a nou dwe retounen nan Refòm Bèna a, men Refòm Bèna a gen plis pase 40 an, e peyi a li menm gen pase 200 zan depi li endepandan, poutan nou nan menm kolibèt la. 

JAL : M ap pran egzanp kou kreyòl nan Princeton nan. Mwen kòmanse ap batay depi 2016. Men tou pandan mwen t ap fè doktora m nan, mwen te lite pou m te mete yon kou kreyòl sou pye. Mwen kite pwogram nan men m pa gentan mete l kanpe. Se chak kote m pase m ap batay pou m kite yon ti kreyòl la. Devlopman se pa bagay toudenkou. Nou menm nou renmen bagay toudenkou. Kou nou plante mayi a la a nou te gentan pare pou n al rekòlte. Men non, li oblije tann twa ou kat mwa. Mwen menm avèk ou ka pa gentan wè li. Men sa nou bezwen konnen se èske yo poze baz yo. Kilè n ap wè yo poze baz yo » ? se pa lè òganizasyon entènasyonal yo ban nou yon ti kòb, nou bezwen jistifye ti kòb la, nou prese kreye yon liv epi nou di sèl grenn liv sa a gen tout bagay ladan li. Men nou gen pou nou chita ak lengwis yo, ak sosyològ yo, ak antwopològ yo, ak matematizyen yo, ak fizisyen yo, ak biyolojis yo, pou nou di nan kad yon pwogram peyi, ki sitwayen nou ta vle fòme nan 25 an k ap vini la a, epi kisa nou ta vle sitwayen sa a fè. Paske lè ou fòme li an fransè ou fòme li pou l al  deyò. Se sa ki fè w ap wè li rive an Frans la a w ap wè l ap ouvè gòj li paske li sani li nan peyi li. Se pou la ou te fòme li, ou pa te fòme li pou Ayiti.

Si nou vle fòme yon jenerasyon pou Ayiti, Akademi Kreyòl Ayisyen sa a gen anpil chanjman li ka pote. Men fòk li restriktire tèt li. Fòk li soti anba manmèl yon seri ideyoloji. Fòk nou kanalize devlopman an, men nou pa ka pale de devlopman san nou pa pase pa kreyòl la. Kijan nou pral fè sa ? Pèp la ka difisil pou l aksepte kreyòl la paske gen anpil moun ki pa ko ka konprann. 

An nou di nou bezwen montre pèp la ki rezilta kreyòl la ka bay. Ebyen an nou fè yon travay syantifik. An nou pran de klas, n ap anseye youn an kreyòl, youn an fransè. Pandan 6 zan, ba yo menm egzamen ki pale sou yon seri tèm syantifik an fransè epi ki pale sou yon seri tèm syantifik an kreyòl. Lè n a wè jan timoun kreyòl yo pale koze a byen, detaye konsèp syantifik yo san yo pa nan memorizasyon ni resitasyon, lè sa a n a di pa gen wout pa bwa, se pa kreyòl la pou nou pase.

Mwen gen espwa. E m ap di ou ki espwa mwen genyen, Mwen t ale fè yon konferans nan Haiian Studies (Etid Ayisyen). Epi m al gade nan gwo pawolye sou entènèt yo tankou TT, Morvan, Guy Wewe…, nan ki lang kòmantè yo fèt. Mwen jwenn 98% nan kòmantè yo fèt an kreyòl. Ou konnen kisa sa vle di ? Sa vle di entènèt la vin konnen lang nasyonal Ayisyen yo se kreyòl. Se pa mwen menm ki di sa non, paske entènèt la se done li kalkile. Li vin konnen lang peyi a, lang Ayisyen pale sou entènèt, se kreyòl li ye.

Lontan lè yon moun ap pale fransè, yo te pran ou pou yon pakèt afè, yo te kouri louvri pòt ba ou. Men jodi a sa yon jan diminye. Yon moun pale fransè, l ap pale men li pa etone moun ankò. Kesyon nan ane 80, 90 yo  depi moun nan ap pale fransè tout moun te prèske mete ajenou devan l la, bagay sa yo pa etone jenès la ankò. E jenès sa a plis pale anglè ke li pale fransè. Mwen menm se syantifik mwen ye, mwen chita sou done. Tout sa nou pa ko vle fè la a yo, se paske nou pa vle chita sou done. Ale reprann egzamen bakaloreya ane sa a, si nou bezwen fè yon travay syantifik, an nou gade pou nou wè tèl kesyon pifò moun pa jwenn, si se yon pwoblèm lengwistik oswa yon pwoblèm konesans. Imajine yon moun ap fè filozofi, li ba ou fè yon disètasyon sou Platon, epi ou gen ni konesans la, ni lang nan.

Men youn nan erè anpil moun fè, yo di ou an kreyòl tout voum se do. Se la a yo chire a. Avanyè m ap anseye atik (detèminan defini yo an kreyòl). Mwen di gade kijan yon lang estriktire ! Kijan ou ka di lamè a, ou pa ka di lamè la, ou pa ka di lamè lan, ou ka di mi an, ou pa ka di mi a. Ebyen lang nan gen yon seri prensip fonolojik, depi ou pa respekte yo, moun wè sa. Kesyon moun nan ap di ou lang nan manke vokabilè, se paske li pa etidye pi lwen. Lè moun nan di ou se bagay fransè l ap fè la a paske tout mo yo soti nan fransè. Analiz sa a se yon analiz ti bebe.

Avanyè mwen fè yon eksperyans paske mwen renmen gade lang yo. Mwen di kite m gade kijan alman trete mwa ane yo. Eske ou konnen jan alman trete mwa ane yo, si ou pale anglè, difrans la pa 5%, se prèske menm mo yo. Se lè sa a mwen di tout bagay y ap fè nou vale kòmsi lang kreyòl la pa gen mwayen pou li fonksyone ak vokabilè pa l la, pa gen lang ki pa prete nan men lang. Poukisa yo pa janm kritike alman an ? Paske li gen yon bon ekonomi nou menm nou pa genyen, oswa akoz koulè po, eks. 

Mwen menm mwen gen espwa. Mwen gen espwa nan jenès sa a, se pa nan jenès vòlò a non, paske gen yon ti jenès k ap monte la a ki vòlò anpil tou, fòk nou pridan avèk li. Epi fòk nou pa antre nan demagoji tou, kòmsi depi se kreyòl se bon bagay k ap fèt. Fòk nou gen etik sa a tou pou nou di gang yo pa pale fransè. Se an kreyòl yo fè tout videyo yo. Sa vle di nou dwe klè sou sa, nou kapab itilize lang nan pou nou detwi tou. Se pa la a nou ye. Nou nan fòmasyon pwofesyonèl, nou nan kreye zouti didaktik pou nou fè timoun aprann. Ebyen pa gen wout pa bwa, se an kreyòl pou nou pase. 

FKE : Doktè Johnny Alex Laforêt, se te yon plezi ak yon onè pou Fyète Kreyòl Enfo te chita pale ak ou. Èske ou panse genyen yon pwen nou pa te abòde nan entèvyou a, oswa nou te manke chita sou li, ou menm ou ta swete retounen sou sa ?

JAL : Sèl bagay m ap di, mwen kwè nan peyi a. Gen anpil moun ki di m : « Men, tèt ou pa dwat ! » Men mwen kwè, menm si m ka pa wè l, pitit mwen ka pa wè l, Ayiti pa ka rete kote l ye la a. Ayiti a se yon ideyal. Ayiti a se pa yon kote konsa nan Karayib la. Jou nou gen yon ministè lakilti k ap voye kilti peyi sa a monte jan sa dwe fèt la, yo t ap gentan kontakte m la wi pou kou kreyòl la pou mande m kisa yo ka fè. Mwen menm se kilti kreyòl la m ap voye monte la a. Se nanm nou, se mizik nou m ap voye monte la a atravè kou lang kreyòl la. Mwen menm mwen kwè Ayiti sa a mwen reve retounen ladan li pou m al an vakans ak pitit mwen an, li posib. Li posib lè nou deside sispann bay tèt nou manti. Lè sa a nou pral devlope peyi a, nou pral avanse ak peyi a, malgre difikilte yo anpil, malgre ap toujou gen vòlò ak koripsyon. Men si yo ba ou 100  dola pou ou fè yon travay, menm si ou pran 2 dola ladan l, men 98 la, fè travay la vèk li.

Se te yon plezi pou m te pale avèk Fyète Kreyòl Enfo. Lè m ap pale de kreyòl, mwen santi m nan bòl grès mwen. Men tou, sèl sa m ap di ou, w ap jwenn dekourajman sou wout ou. Men ou gen pou ou rete konsa yon lè moun ap kontakte ou pou mande ou kijan yo ka ede ou, paske travay w ap fè la a, li ale lwen. Toujou bat pou ou kite yon ti modèl lòt moun kapab kopye. Se sa ki kapab fè peyi a vanse. Kwè m si ou vle, si ou kenbe konsa, w ap wè Fyète Kreyòl Enfo a ap tèlman grandi, yon lè konsa se ou menm ki va siyen yon chèk voye fè m kado. Mèsi anpil !

(1) Joseph C. Bernard, ansyen Minis Edikasyon Nasyonal ki te vini ak refòm edikatif yo rele Refòm Bernard.

(2) Jean Claude Duvalier, diktatè ki te ranplase papa li François Duvalier epi ki te dirije Ayiti nan latèrè.

Description de l'image