Direksyon Santral Polis Jidisyè arete ansyen depite Prophane Victor

Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) arete ansyen depite Prophane Victor jodi dimanch 12 janvye 2025 la. Arestasyon sa a vini kèk jou apre arestasyon ansyèn Direktris SNGRS la, Madam Magalie Habitant yo te arete 9 janvye ki pase a.

Apre arestasyon an, yon Jij de pè akonpaye ajan Lapolis yo pou fè yon desanndelye lakay ansyen palmantè a. Daprè sa kèk medya rapòte, Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti a, Mesye Rameau Normil, ta sou plas pou sipèvize desanndelye a.

Ta sanble arestasyon Mesye Prophane Victor ta gen pou wè ak relasyon li avèk gang ame k ap simen latwoublay nan tout peyi a.

Radio Télé Galaxie pibliye foto ki montre ajan DCPJ yo nan kay ansyen depite Prophane Victor kote y ap bouske pou gade sa ki gen nan lòj.

©Radio Télé Galaxie

N ap raple nan dat 25 septanm 2024, Ofis Kontwòl Byen Etranje (OFAC) nan Depatman Trezò Ameriken te sanksyone ansyen depite Prophane Victor pou enplikasyon li nan kreye, bay tete epi ame gang ki koze anpil vyolasyon dwa moun an Ayiti.

Nan menm okazyon an, OFAC te sanksyone Luckson Elan, chèf gang gran grif la, pou enplikasyon li nan gwo zak vyolasyon dwa moun nan kad aktivite gang nan depatman Latibonit an Ayiti.

Description de l'image